Accessibility links

Breaking News

Numewo 1 Tennis Feminen an Kapab Chanje Men


Tennis

Dènye tounwa tenis feminen pou ane ap dewoule nan Los Anjeles ak numero 1 mondyal la an je. Tounwa a, kap kòmanse jodi a ak patisipasyon 8 meyè jwè tenis sou tè a ki pral boukante rakèt dèyè 1 milyon dola prim. Ameriken Lindsay Davenport ak Bèlj Kim Clijsters nan lut la ansanm ak franse Amelie Mauresmo ak Rus Maria Sharapova. 2 premye nan chak group ap kalifye pou semi final la.

Football

Nouvèl ki soti ann Almay jodi madi-a fè konnen, responsab foutbòl-yo ral ogmante stad Munik-la Allianz-Arena , stad sa-a kap akeyi match ouvètu Koup Dumond Almay 2006-la . De 66.000 plas yap ogmante-l pou-l rive 70.00 plas. Yo deja jwenn otorizasyon depi yè lendi-a nan men komisyon batiman ak travo publik vil-la.

Michel Platini “ qui a fait les beaux jours de la Jouventous de Turin” nan ane 80-yon , li felisite konpatriyòt-li David Trezeguet ki depase klasman butè nan tout istwa klub-la. Rekò-a te nan men Platini ki te make 104 gòl. Tezeguet make 105 mèkredi kont Bayern de Munik nan okazyon 4e jounen Lig Chanpyon-an. sepandan planiti rete meyè buteur pou ekip de Frans-la ak 41 gòl.

Gen anpil kòmantè kap fèt sou match amikal Angletè gen pou jwe kont-la Lafrans nan moman fransè-yo ap fè ak yon pakèt zak vyolans tankou nou te tande-l nan nouvèl-yo. Jurgen Klisman, antrenè ekip almand-la di li pral enfòme jwè alman-yo sou sa kap pase aktuèlman lòt bò-a . Ekip Almay-la pral jwe match sa-a nan moman lap fè fas ak yon gwo . Dènye fwa Alamay kale yon ekip se te 7 Oktòb 2000 lè li te kale Angletè 1a 0 . Epi konsènan Raymond Domenèk, antrenè ekip de Frans-la , li pa chwazi yon gadyen titulèr : Fabien Barthez ap jwe demen kont Kosta-Rika nan Martinik , epi Gregory Coupet kont Alamay samdi nan stad de frans-la. Donk, Domenèk “ Coupe la poire en deux”...pa gen titulèr.

Football Ameriken

Indianapolis Colt danse sou chanpyon sòtan an New England Patriots 40 a 21 pou amelyore pèfòmans li ak 8 viktwa 0 defèt nan chanpyona footbal zèpòl kare ki jwe yè swa.

NBA

Miami Heat ranpòte yon viktwa de justès devan New Jersey Nets 90 a 89 gras a Dwayne Wade ki bloke yon balon kèk sekond avan fen tan reglemantè a. Utah Jazz remonte yon defisi 14 pwen pou kale Charlotte Bobcats an pwolongasyon 95 a 91. Chikago Bulls tonbe an pwolongasyon devan chanpyon sòtan an San Antonio Spurs 104 a 94. Nan lòt rankont Minnesota Timberwolves wouze Los Anjeles Clippers 93 a 78. Cleveland Cavaliers te fè anpil efò avan li kale Toronto Raptors 105 a 93.

XS
SM
MD
LG