Accessibility links

Breaking News

Yon Sous Nan KEP a Di Eleksyon Yo Ka Tanmen 18 Desanm


Dosye Ayiti: Korespondan nou nan Pòtoprens Renan Toussaint di nou gen omwen 2 gwo tèt nan lapolis ki anba kòd. Otorite yo arete yo an koneksyon ak yon seri move zak ki te fèt sou popilasyon sivil katye Martissant, nan antre sid kapital la. Renan Toussaint devlope nouvèl sa a pou nou epi li pote kèk presizyon sou eleksyon yo, ak piblikasyon posib dat vòt yo nan semèn sa a, pandan kanpay la ap kontinye atravè peyi a. Dapre yon sous pwòch KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a), eleksyon pou Prezidan an ak Palman an ka fèt 18 desanm, ak yon dezyèm tou 3 janvye, tandiske eleksyon lokal yo ta dewoule 24 janvye, pou nouvo pouvwa a enstale le 7 fevriye, jan Konstitisyon Ayiti a mande l' la.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka tande repòtaj Renan an an detay.

XS
SM
MD
LG