Accessibility links

Breaking News

Semi Final Chanpyona Lig Football Ameriken an ap Kontinye


Football

Ayisyen Jean Philippe Peguerro ak Kolorado Rapids ap pare pou akeyi Los Anjeles Galaksi nan final Konferans de Lwès chanpyona lig football balonwon ameriken an demen Samdi a. Dimanch New England Revolution ap akeyi Chikago Fire nan final konferans de Lès la. 2 venkè yo ap rankontre an final pou detèmine nouvo chanpyon pou sezon an.

Otorite FIFA yo mande Sèvi ak Montenegro pou jwe pwochen rankont match kalifikatif koup du mond ak tout gichet fèmen akoz la troublay ki te genyen nan stad peyi a pandan rankont peyi a te jwe kont Bosni-Herzegovin. FIFA frape federasyon an yon amand 27 mil dola epi pou Bosni Herzegovinn peye 31 mil dola amand. Kwasi gen pou l peye yon amand 31 mil dola pou dezòd ki te genyen nan match kalifikatif koup du mond Octòb pase a nan Budapest kont la Hongri. 3 peyi yo kapab ale an apèl ak desizyon FIFA a.

Nan chanpyona premyè divizyon Europeyen an an Espay Getafe ap pare pou akeyi FC Barselòn. Real Madrid akeyi Saragosse ki sot fè 7 match nul. An Frans Lyon pral lakay Toulouz demen Samdi a nan okazyon 8 tièm jounen chanpyona lig premyè divizyon franse a epi Marseille pral lakay F C Nantes.

12 zièm jounen chanpyona Angletè a ap mete bab pou bab Manchester United fas a Chelsea. Aston Villa kont Liverpool san bliye Arsenal kont Sunderland. Fulham kont Manchester City. An Itali Milan A C kont Udinese. Juventus de Turen kont Livorne. Parme kont Lecce.

Match kalifikatif Unyon Football Karayib la kategori senior ap demare soti nan 29 Mars pou rive 20 Avril ak 5 group ki gen 3 peyi pami yo chak. Venkè chak group ap kalifye pou je Sant Amerik ak Karayib la kap dewoule nan Kartagena an Kolonbi soti 15 pou rive 24 Juyè. Group 1 an gen ladann Aruba, Porto Riko ak Barbados kote tounwa ap dewoule. Group 2 a gen landan Trinidad and Tobago kap akeyi group la ansanm ak Ayiti ak la Dominik. Group 3 a nou jwen Atiy Neerlandèz, Sent Lusi ak Il Vyèj ameriken yo. Kuba ap akeyi group 4 la kap gen ladann Antigua et Barbuda ak Sen Vensan ak Grenadin. Rankont group 5 la ap dewoule nan Surinam ansanm ak Republik Dominikèn ak Jamayik. Venkè chak group yo pral jwen 4 kalifye Unyon Football Sant Amerik la ansanm ak Meksik, Venezuela ak Kolonbi

Je Azyatik

La Chin travèse kap 100 meday dò nan konpetisyon je Azi de Lès yo kap dewoule nan Macau. Atlèt chinwa yo ranpòte 7 meday jodi a pou l ranpòte yon total 171 meday ---101 an ò-45 an ajan ak 25 bronz. Kore du Nò ap rankontre ak Kore du Sud nan semi final konpetisyon an demen Samdi apre yo kale la Chin 3 a 1. Japon ap rankontre ak la Chin nan lòt demi final la.

NBA

Phoenix Suns te fè anpil efò pou l kale Los Anjeles Lakers 122 a 112. Shawn Marion make 30 pwen epi trape balon an 11 fwa pandan ke Steve Nash make 12 pwen e fè 17 pas ki make pwen pou kore viktwa Suns ki tap jwe lakay Los Anjeles Lakers. Nan lòt rankont ki te gen pou sware a Jermaine O’Neal make 27 pwen e Ron Artest ajoute 22 pwen nan viktwa 105 a 102 Indiana Pacers ranpòte devan Miami Heat nan Miami. Aswè a Celveland Cavaliers pral mate balon lakay San Antonio Spurs epi Minnessota Timberwolves ap fè yon kout pye lakay Seattle Supersonics.

Tennis

Franse Amelie Mauresmo kalifye pou kar de final tounwa tenis Advanta kap dewoule nan Philadelfi gras ak 2 kout rakèt li pase Japonè Ai Sugiyama 6-3, 6-4. Nadia Petrova, Kvete Peschke, Elena Dementieva, Lisa Raymond kalifye pou kar de final la.

Tèt de seri numewo 1 tounwa tenis Kebek la franse Nathalie Dechy pase yon move moman avan li kalifye pou kar de final tounwa a. Dechy kale arjanten Maria Emilia Salerni 6-1, 7-6.

XS
SM
MD
LG