Accessibility links

Breaking News

La Chin Kontinye ak Domine Je Azyatik yo.


Je Es Azyatik yo

La Chin kontinye ap ranmase meday nan Es Azyatik yo kap dewoule nan Macau. Chinwa yo ajoute 26 meday dò jodi a pou mete l a 74 kantite meday dò yo ranpòte. Chif sa a reprezante 64 meday dò an plis devan Japon ki klase 2 zièm. Kore du Sud klase 3 zièm ak 49 meday answit nou jwen Taiwan ak Kore du Nò.. Hong Kong ranpòte yon total 7 meday pami yo youn an ò. Mongoli gen 5 meday de bronz. Gwam nan ke kamyonèt la ak 0 meday.

Football

Bayern de Munich ak Arsenal kapab kalifye pou 2 zièm tou chanpyona football Lig dè Chanpyon a ak yon viktwa--2 klub ki ranpòte 3 premye match yo jwe nan group la. Bayern de Munich ap rankontre ak Juventus de Turen ki sot pèdu devan Milan A-C nan chanpyona Italyen an. Arsenal bò kote pa l ap akeyi Sparta Prague. Lòt match nan group B a ap mete bab pou bab Ajax Amsterdam ap rankontre klub Swis FC Thun. Nan group C-a Barselòn ap akeyi Panathinaikos epi klub Italyen Udinese ap ap jwe ak Werder Brem. Nan group D- a nou jwen Manchester United ap vizite klub franse Lille epi Benfika de Lisbò n ap akeyi Villarreal.

Yè swa Real Madrid kale klub Norvejyen Rosenborg 2 a 0. Lyon woule Olynpiakos 4 a 1. Real Betis suprann klub angle Chelsea ak yon viktwa 1 a 0. Liverpool pilonenen Anderlecht 3 a 0. Shalke 04 kale Fernrbach 2 a0.PSV Eindoven kale Milan AC 1 a 0. Inter de Milan kale FC Porto 2 a 1. Artmedia Brastislava fè match nul 2 a 2 ak Glasgow Rangers.

Antrenè seleksyon nasyonal Urugwe a Jorge Fossati publiye lis 27 jwè li retnu ki pral afwonte Ostrali nan match de baraj ale retou pou detèmine yon kalifye pou koup du mond Almay 2006 la. Plis pase 14 jwè ap evolye a letranje. Toujou sou kontinan Europeyen an ansyen entènasyonal Alman Lothar Mattaeus kapab tounen nouvo antrenè klub football Nuremberg. Mattaeus ap antrene seleksyon footbal Ongri a

NBA

Philadelphia 76ers ap fè yon kout pye lakay Detroit Pistons pandanke Los Anjeles Lakers ak Phil Jackson prale lakay Denver Nuggets Yè Madi a Dallas Mavericks ak Phoenix Suns te livre yon rankont san mèsi nan debu sezon NBA a .

Dirk Nowitzki make 28 pwen epi trape balon an 15 fwa pou ede Mavericks yo ranpòte yon viktwa an doub pwolongasyon devan 111 a 108. Nan lòt rankont Milwaukee Bucks te fè anpil efò avan li kale Philadelphia 76ers 117 a 108. San Antonio Spurs pilon-nen Denver Nuggets 102 a 91 pandan ke New Orleans Hornets danse sou Sakramento Kings 93 a 67. Aswè a Washington Wizards ap rankontre ak Toronto Raptors nan Toronto Kanada. CN-002

Tennis

Ameriken Robby Ginepri kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis dè Mèt Pari a gras ak 3 kout rakèt li pase espayòl Fernando Verdasco 6-3, 6-7, 6-3. Tchèk Tomas Berdych elimine Arjanten Guillermo Coria 6-4, 6-2 nan premye tou tounwa tenis Pari a. Novak Djokovic ranpòte yon viktwa supriz devan arjanten Mariano Puerta 6-3, 7-6. Rus Dmitry Tursunov elimine kwat Mario Ancic 5-7, 6-4, 7-6. Ameriken Lindsay Davenport abandone tounwa tenis Advanta.

XS
SM
MD
LG