NBA
Sezon NBA a ap demare jodi a ak 2 nouvote fason pou jwè yo abiye ak retou Phil Jackson nan Los Anjeles Lakers apre li te pran retrèt li sa nan fen sezon 2004 la. Chanpyon sòtan an San Antonio Spurs pral chache yon 4 trièm tit pandan 8 tan lè yap akeyi Dever Broncos. Nan lòt rankont Milwaukees ap akeyi Philadelphia 76ers, Sakramento Kings ak akeyi New Orleans Hornets epi DAllas pral mate balon fas a Phoenix Suns.
Football
Final Supercoup dAyiti ap demare apre midi A S Mirbalè kont Tampèt de Sen Mak nan kad final Supercoup dAyiti ki se trofe Primatu a ofri. Viktori kont FICA du Cap Haitien nan match konsolasyon an.
Pittsburgh Steelers make yon 3 pwen nan fen 2 zièm mitan an pou pèmèt li ranpòte yon viktwa de justès 20 a 19 devan Baltimore Ravens nan kad match ki jwe chak Lendi swa pandan sezon football zèpòl kare a.
Klub Chelsea ak klub franse Lyon sou pwen pou kalifye pou faz dechoukaj Lig dè Chanpyon Europeyen an. Lyon bezwen sèlman yon nul pou l kalifye pou pwochen faz la lè jwe an deplasman kont Olenpyakos. Chelsea ap kalifye si l ranpòte yon viktwa fas ak klub espayòl Betis Seville. Prezans David Beckham kapab ede Real Madrid lè yap rankontre ak Rosenborg de la Norvèj malgre ekip espayòl la pa gen sèvis Ronaldo, Zinedine Zidane. Chanpyona a ap rapousib demen lè group A,B,C,D ap antre nan won.
Unyon Football Europeyen prepare kalandriye Koup dEurop dè Nasyon ak la Swis ak Otrich ap òganize an tandèm. La Swis ap jwe match douvètu a le 7 Jwen 2008 epi Otrich ap jwe match le 8 Jwen nan vil Vyèn. 16 finalis yo ap divize an 4 group de 4 ak 2 premye nan chak group ap kalifye pou kar de final la. Chak peyi òganizatè yo gen 4 vil dakèy. Tiraj osò a fikse pou 27 Janvye.
Ansyen footbalè Arjanten Diego Maradona anonse lap patisipe nan match jubile Borussia Dortmund ap fè pou footballè brezilyen Julio Cesar 13 Novanm. Lòt ansyen footballè ki anonse patisipasyon yo nou jwen Kamerounè Roger Milla ak Brezilyen Claudio Taffarel ak Dunga.