Accessibility links

Breaking News

Baren ap Pare pou l Rankontre ak Trinidad and Tobago


Football

Panama tonbe fas anba devan Bahren 5 a 0 yè swa nan Manama nan kad yon match amikal chofe jarèt ki jwe ant 2 ekip yo. Bahren gen pou l jwe yon match amikal ak Jamayik 30 Oktòb avan li mete tèt pou Trinidad and Tobago kote li pral jwe match de baraj ale pou faz final koup du mond Almay 2006 la.

FIFA lanse yon pinga bay federasyon football franse a kap pare pou l eseye sèvi ak vedeyo pou ede abit yo pran desizyon ki difisil. Nan yon mesaj otorite football entènasyonal la voye bay responsab spòtif franse yo li menase pou l pran aksyon disiplinè kont responsab yo.

Sou kontinan Europeyen an demen Samdi a an Angletè Tottenham ap akeyi Arsenal nan okazyon 11 zièm jounen chanpyona a. An Espay Real Madrid ki sot subi 2 defèt afile, ap jwe kont Betis Seville, san sèvis David Beckham ki te pran yon zòbò nan rankont klub la te jwe kont Deportivo La Coròy. An Itali mitan teren Juventus de Turen Patrick Vieira ap prezan nan fòmasyon Turinwa a ki pral nan San Siro pou rankontre ak Milan A C demen Samdi an nan okazyon 10 zièm jounen chanpyona a. An Almay Antrenè seleksyon nasyonal la Jurgen Klisman manifeste entansyonn pou l pwolonje kontra ak seleksyon nasyonal la si byen men-nen nan koup du mond Almay 2006 la. Portugal ap baze nan vil Bonn pandan dewoulman koup du mond Almay 2006 la. Japon ki se premye kalifye pou koup du mond la deside pran lojman nan menm zòn nan. Itali ta renmen pran pozisyon nan zòn nan tou.

Demen Samdi a semi final retou Lig Football balonwon ameriken an ap rapousib ak FC Dallas kap akeyi Kolorado Rapids--2 ekip yo te fè match nul nan match ale a. Menm demen an San Jose Earthquake ap akeyi Los Anjeles Galaksi nan konferans de Lwès la. Nan konferans de Lès la New Englad Revolution ap akeyi New York Metro Stars epi Dimanch D-C United ap akeyi Chikago Fire-2 ekip yo te fè match 0 a 0 sa gen yon semen.

Jeu Azi du Sudès

4 trièm edisyon je Azi du Sudès yo ap kòmanse demen Samdi a nan Macau ak patisipasyon 1900 atlèt kap soti nan19 peyi e kap patisipe nan 17 disiplin spòtif. La Chin ki abitye domine konpetisyon an ap depeche yon delegasyon anviwon 400 atlèt. Gen 234 meday dò ki disponib pandan 9 jou konpetisyon an. Pami disiplin yo nou jwen Atletisme, basketball, football, karate ak jimnastik.

Olenpic

Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la Jacques Rogge eksprime konfyans li ke yon konpwomi kapab jwen sou lwa sevè anti dopaj Italyen avan dewoulman je olenpik divè yo an Febriye pwochen.. Msye Rogge rekonèt Itali pap chanje lwa a men li espere pati konsène yo kapab jwen yon solisyon rezonab. Dapre lwa anti dopaj Italyen an otorite yo kapab arete tout atlèt ki ta teste pozitif pou uzaj anabolizan pandan dewoulman konpetisyon an. Komite Olenpik Entènasyonal la ak Ajans Anti dopaj Mondyal konsidere uzaj dròg nan spò kòm yon vyolasyon e non pa kòm yon krim. Rogge gen plan rankontre ak Premye Minis Berlusconi mwa pwochen an pou diskute kesyon an.

NBA

Orlando Majik pap gen sèvis Grant Hill lè lap demare sezon an sezon pwochen an akoz msye pral subi yon operasyon. Msye kapab pase 6 semen apre operasyon an.

Nan match amikal avan debu sezon an Miami Heat ranpòte yon bèl viktwa sou Orlando Majik 104 a 90. Houston tonbe devan New Orleans Hornets 89 a 88 epi Memphis toupizi Atlanta 99 a 84. Detroit monte yon maswife devan Dallas pou l pèdu 103 a 97 epi San Antonio ranpòte yon viktwa tou mens devan Philadelphia 76ers 101 a 98. Jodi a New Jersey Nets ap akeyi New York Knicks. Sakramento Kings ap resevwa Los Anjeles Lakers. Sezon NBA a ap demare ofisyèlman Madi 1 Novanm.

Patianaj Atistik

Patinè atistik Kanadyen nan tèt klasman jeneral konpetisyon an kap dewoule O Kanada.

Tennis

Ameriken Andy Roddick elimine franse Nicolas Mahut 7-6, 6-3 nan 2 zièm tou tounwa tenis Grand Prix Lyon an.

XS
SM
MD
LG