Accessibility links

Breaking News

Chanjman nan Kous Bisiklèt Tour de Frans la


Siklis

Pwochen kous bisiklèt Tour de Frans la ap pase nan 4 peyi etranje pandan lap kouvri 3639 kilomèt pou l fini nan Champ Elizee nan vil Pari soti 1 pou l rive 23 Juyè. dapre responsab yo 93 zièm edisyon-an ap travèse Luksanbourg, Beljik, la oland ak Espay. Ameriken Lance Armstrong ki ranpòte konpetisyon an 7 fwa afile, pap patisipe nan konpetisyon an. CN-96

Basketball

New Orleans Hornets boukante Jamaal Magloire ak Milwaukee Bucks an retour pou l jwen sèvis Desmon Mason-seleksyone premye chwa Bucks yo gen pou fè nan tiraj osò 2006 la ak lajan likid.

Mike Krzyzewski ki ede Univèsite Duke ranpòte 3 trofe, nonmen kòm antrenè seleksyon basketball ameriken an ak objektif pou l ede Etazuni ranpòte yon meday dò Olenpik. Se premye fwa yon antrenè univèsitè pran tèt seleksyon basketball ameriken depi 1992 ane jwè NBA a te kòmanse patisipe nan Je zolenpik la. Ameriken yo te pran yon meday de bronz nan je zolenpik Atèn 2004 yo.

Football

Minis Enteryè Franse a anonse entansyonn pou l fè pase yon pwojè lwa pou entèdi antre nan stad Park dè Prens pèson ki pa gen pou wè match football

Chanpyon sòtan Lig chanpyon football Azyatik la, Klub Sawoudyen Al Ittihad fè match nul 1 a 1 ak klub Emirat Arab Uni Al Ain nan kad match ale chanpyona a. Match retou a fikse pou 5 Novanm. Venkè a ap kalifye pou patisipe nan koup du mond football pou klub FIFA a kap dewoule O Japon soti 11 pou rive 18 Desanm.

An Angletè Chanpyon sòtan Koup Lig football Angle a Chelsea elimine apre yo tonbe sou tir de penalite fas a Charlton. Klub Espayòl Osasuna pran tèt chanpyona Espayòl la apre Real Madrid tonbe 3 a 1 devan La Coròy.

Tennis

Olandè Michaella Krajicek kalifye pou kar de final tounwa tenis an sal Gaz de Frans la gras ak yon viktwa an 3 manch li ranpòte devan Tchèk Lucie Safarova 6-4, 3-6, 6-3. Krajicek pral rankontre swa ak franse Nathalie Dechy ak Italyen Roberta Vinci. Pita nan jounen an Bèlj Kim Clijsters ap rankontre ak Kwat Karolina Sprem ak venkè ap rankontre ak alman Julia Schruff.

Jwè tenis Bèlj Kristof Vliegen kapote arjanten Guillermo Coria an 2 manch 7-6, 7-5 nan tounwa tenis an sal Swis la. Vliegen pral rankontre ak Slovak Dominik Hrbaty ki elimine arjanten Agustin Calleri 3-6, 6-3, 6-2. Arjanten Jose Acasuso kalifye pou kar de final la gras ak 3 kout rakèt li pase espayòl Juan Carlos Ferrero 6-3, 6-7, 6-3.

Franse Gael Monfils kapote arjanten Gaston Gaudio nan 2 ziém tou tounwa tenis Grand Prix kap dewoule nan vil Lyon an Frans. Marc Gicquel ki se yon lòt franse pase nan kar de final al gras ak 2 kout rakèt li pase Italyen Davide Sanguinetti 6-3, 6-2.

Swedwa Thomas Johansson woule ak kout rakèt Woumen Andrei Pavel 6-2, 6-2 pou l kalifye pou kar de final tounwa tenis an sal Saint Petersburg la. Johnasson pral rankontre ak Britanik Greg Rusedski ki elimine ameriken Kevin Kim an 3 manch 4-6, 6-3, 6-4.

Ansyen chanpyon Wimbledon nan espayòl Conchita Martinez abandone tounwa tenis kap dewoule nan Linz an Otruch akoz yon blesu nan ponyèt.

XS
SM
MD
LG