Accessibility links

Breaking News

OEA: Eleksyon Nan Fen Ane a Nan Ayiti!


Sekretè-Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken di OEA kontinye apiye efò pou ranfòse sekirite, jistis ak dwa moun nan peyi d Ayiti. Miguel Insulza fè deklarasyon sa a mèkredi apre-midi nan syèj Òganizasyon rejyonal la, isit Washington, kote li tap prezante yon rapò sou pwogrè ki fèt an n Ayiti pandan 3 dènye mwa yo e souliyen ki defi ki rete pou peyi a simonte anvan eleksyon jeneral yo.

Sekretè Jeneral Insulza di reprezantan 34 peyi manm OEA yo “kanpay enskripsyon an” --ke Òganizasyon li a apiye-- se te yon gwo siksè... e li pèmèt 3 milyon 400 mil moun ki gen laj pou ekzèse dwa sitwayen yo pran kat elektè yo. Msye Insulza deklare:“sa vle di gen kounye a yon systèm an plas pou òganizasyon eleksyon yo. Sepandan, li eksprime kè-sote li devan difikilte òganizasyonèl e lojistik ki rete toujou e ki pouse responsab ayisyen yo ranvwaye dat eleksyon yo. “Preokipasyon kominote entènasyonal la, dapre msye Insulza, se asire l' ke eleksyon yo dewoule nan dat yo sipoze dewoule a, nan premye semèn mwa Desanm nan.

Pandansetan, nan Latibonit, patizan Dumarsais M. Siméus pran lari pou selebre desizyon KEP a pran pou li remete non kandida Pont-Sondé a sou lis moun ki dèyè plas Prezidan Repiblik la. Sepandan, tankou nou konnen l' deja, yon komisyon gouvènman Latortue a mete sou pye apre Lakou Kasasyon te pwononse l' anfavè Siméus gen pou li bay dènye mo a, apre li va fin analize dosye nasyonalite kandida yo.

Apil ekspè raple tou ke li nesesè pou yo respekte TOUT Dekrè Elektoral la, san bliye atik 21 a ki mande pou yon moun pa gen nasyonalite etranje si li vle vote nan eleksyon yo. Kesyon an: Eske gouvènman Latortue a avèk KEP a ap aplike atik sa a epi verifye nasyonalite 3-milyon-edmi moun ki enskri pou y'al vote yo? Yon travay ki, omwen, trè, trè difisil.

Fè klik sou ralonj ki anlè paj la pou w ka tande prensipal nouvèl Ayiti pou maten 27 oktòb la.

XS
SM
MD
LG