Accessibility links

Breaking News

Rosa Parks Mouri a 92 an


Rosa Parks, dam nwa amerikèn ke yo batize “manman mouvman dwa sivik ane 60 yo ozetazini” mouri madi 25 oktòb 2005 la alaj de 92 an, lakay li nan Detroit, Michigan. Tankou Rosa Parks te rakonte li, le Premye Desanm 1955, apre yon jounen travay nan Montgomery, Alabama, li te pran yon otobis pou l’rantre lakay li e yo te mande l' leve pou sede plas li bay yon blan, selon pratik rasis epòk la. Li te derefize e yo te arete li. Madam Parks di sèl sa li te vle se pou yo te trete l' ak respè, ak diyite. Rosa Parks te toujou ensiste ke se pa arestasyon li t'ap chache, men se arestasyon sa a ki te pwovoke yon kokenn bòykòt sou lobedyans Reveran Martin Luther King, Junior. Bòykot sa a te okazyone yon seri lòt evènman ki te fin pa debouche sou abolisyon segregasyon legalize a nan peyi Etazini.
XS
SM
MD
LG