Sanble Konsèy Elektoral Ayiti a ap obeyi lòd tribinal siprèm peyi a e mete non multi-milyonè Pont-Sondé a, Dumarsais Mécène Siméus, sou lis definitif kandida-a-la-prezidans yo. Sepandan sa pa vle di kesyon doub nasyonalite a ap soti nan deba a. Vrèman vre, kesyon nasyonalite kandida yo ap rete nan aktyalite a jiskaske yon komisyon ki gen ladan n kèk minis nan gouvènman Latortue a fin analize dosye nasyonalite kandida sa yo e bay rapò li.
Pou Doktè Jn-Tolly Voltaire, ki se yon espesyalis nan relasyon entènasyonal, se yon komisyon ki fòme twò ta e ki ka konplike pwoblèm nan olye li rezoud li. Yon lòt pèsonalite ki fè anpil entèvansyon piblik sou sitiyasyon Ayiti a, Pwofesè Gérard Bissainthe, deklare li pratikman enposib pou gouvènman ayisyen an aplike atik 15 nan Konstitisyon an ki di doub nasyonalite pa admisib nan okenn ka, menmsi gen lòt atik ki entèdi moun ki renonse nasyonalite yo vin kandida pou sèten pòs.
Pwofesè Bissainthe, ki te pale avèk nou depi rezidans li nan sid peyi Lafrans, di Dumarsais Siméus ak nenpòt lòt kandida ki ta pran move kanè nan men komisyon verifikasyon an ka parèt tou ak yon lòt defans: respè manman-lwa peyi a egzije pou otorite yo verifye nasyonalite elektè yo tou, yon fason pou moun ki te pran yon lòt nasyonalite pa jwenn dwa vote.
Nouvèl ki soti Pòtoprens fè konnen Komisyon pou Verifye Nasyonalite kandida yo ta dwe deja tanmen travay li tandiske Konsèy Elektoral la ap pare pou li pibliye lis ofisyèl la nan jou kap vini yo.