HAITI / JUDO
Federasyon Nasyonal Judo ayisyen an mande dirijan spòtif yo ede peyi a patisipe nan chanpyona Panameriken kategori Juvenil ki gen pou dewoule nan Kosta Rika an Novanm ane sa a.
NFL
Indianapolis Colts rete sèl ekip ki poko janm pèdu yon rankont depi sezon football zèpòl kare a kòmanse. Yè swa Colts yo ranpòte 7 tièm viktwa afile apre yo woule Houston Teksan 38 a 20-Houston Teksan poko ranpòte oken viktwa nan sezon an. Washington Redskin ki sot pèdu 2 dènye rankont--danse sou San Francisco 49ers 52 a 17. New York Giants kap akeyi Redskin Dimanch pwochen, ranpòte yon viktwa de justès devan Denver Broncos 24 a 23. Minnesota Vikings ranpòte yon viktwa tou mens devan Green Bay Pakers 23 a 20. Philadelphia Eagles ranpòte yon viktwa tou devan San Diego Chargers 20 a 17. Aswè a New York Jets pral lakay Atlanta Falcons nan kad rankont ki jwe chak Lendi swa pandan sezon an.
Nan semi final MLS la D-C United fè match nul 0 a 0 lakay Chikago Fire. New York Metro Stars ranpòte yon viktywa tou mens 1 a 0 devan New England Revolution. Kolorado Rapids fè match nul 0 a 0 ak F C Dallas epi Los Anjeles Galaksi danse sou an Jose Earthquake 3 a 1. Match retou a ap rapousib Vandredi, Samdi ak Dimanch.
8 mwa avan kou danvwa koup du mond football almay 2006-la antrenè seleksyon an Jurgen Klisman gen pou l prezante demen Madi a devan klub football peyi a pou l reponn kesyon sou difikilte ekip la ap fè fas depi lap dirije seleksyon an sa gen plis pase yon lane.
Yon lòt kote alman Lothar Matthaus, kap antrene seleksyon Hongri a juskan Desanm, ap patisipe nan tiraj osò faz final koup du mond la 9 Desanm ane sa a nan vil Leipzig. Matthaus propoze posibilite pou l antrene klub Nuremberg kap patisipe nan chanpyona Alman an.
Brezil gen 10 reprezantan nan lis 50 jwè ki seleksyone pou resevwa pri Balon dò Europeyen an. Adriano, Cris, Dida, Emerson, Juninho, Kaka, Roberto Carlos, Robinho, Ronaldinho ak Ronaldo sou lis jwè kap ranplase football Ukrenyen Andrei Chevtchenko. Chanpyona ki gen plus reprezantan nan lis la se Angletè ak Itali ak 16 jwè yo chak. Franse yo gen 7 jwè--Thierry Henry, Claude Makele, Lilian Thuram, David Trezeguet, Patrick Verra, Zinedine Zindane ak Gregory Coupet.
Se apre midi a Komisyon FIFA pral ekzamine konfli ki gen yen ant Pari Sen Jermen ak klub Urugweyen Penarol de Montevideo konsènan footbalè Carlos Bueno ak Christian Rodriguez. Konfli a rive akoz klub franse a pa ta bay Penarol montan lajan plis pase 9 milyon dola klub Urugweyen an ta reklame Bueno ak Rodriguez ke kontra yo fini an 2004. FIFA pral etudye dosye a nan fon e non la fòm.
Otorite la justis yo nan vil Jèn an Itali louvri yon ankèt sou mank e-melanj ki ta genyen nan 7 rankont nan chanpyona Italyen an pami yo match ant AS Rom ak Lazio. Medya Italyen yo publiye transkrip konvèsasyon telefonik ant footbalè yo ki tap diskute match la--yon match ki te fini 0 a 0 15 Me pase a. Atakan Inter de Milan Kily Gonzalez pran yon kanpe lwen pou juskan Janvier akoz yon dechirur.
Tennis
Adolesan Espayòl Rafael Nadal te jwe yon match maraton fas a Kwat Ivan Ljubicic pou ranpòte tounwa tenis dè mèt Madrid la an 5 manch 3-6,2-6, 6-3, 6-4, 7-6. Sa fè Nadal 11 viktwa li ranpòte nan tounwa tenis pwofesyonèl ane sa a ki ede egalize rekò numewo 1 mondyal Swis Roger Federer. 2 msye yo ranpòte 4 tounwa dè mèt pou ane a men Nadal ranpòte 79 rankont 2 an plis de Federer kap soufri ak yon blesu.
Ameriken Lindsay Davenport rankpòte tounwa tenis Zurik la gras ak 2 kout rakèt li pase Swis Patty Schnyder 7-6, 6-3. Sa fè Davenport 6 zièm tit li ranpòte pou ane a.
Ameriken Lindsay Davenport ki sot ranpòte tounwa tenis Zurik la klase kòm nmumewo 1 mondyal devan Belj Kim Clijsters, Rus Maria Sharapova, franse Amelie Mauresmo ak Mary Pierce. Ameriken Venus Williams klase 7 tièm pandan devan Elena Dementieva, Patty Schnyder ak Nadia Petrova.
Bò kote mesye yo Swis Roger Federer ki soufri ak yon blesu toujou klase numewo 1 mondyal. Espayòl Rafael Nadal ki sot ranpòte tounwa tenis dè Mèt Madrid la klase 2 zièm devan Ameriken Andy Roddick, Ostralyen Lleyton Hewitt, ameriken Andre Agassi, Arjanten Guillermo Coria, Rus Nikolay Davidenko, Kwat Ivan Ljubicic ak Marat Safin ak Arjanten Gaston Gaudio.