Accessibility links

Breaking News

Kandida Dumarsais Siméus Rejte Konsèy sou Nasyonalite a


Nan peyi d Ayiti, kandida Dumarsais M. Siméus, ke Konsèy Elektoral la trennen nan Tribinal pou swa-dizan fo deklarasyon sou sèman, fè konnen vi li menase e li voye yon lèt bay Sekretè-Jeneral L’ONU an, Kofi Annan, pou li mande pwoteksyon pou li ak lòt kandida yo ann Ayiti.

Nan entèvyou Dumarsais Siméus bay Lavwadlamerik jodi 23 oktòb la, li rejte kreyasyon yon komisyon pou verifye nasyonalite kandida yo.

Jiskaprezan, Konsèy Elektoral Ayiti a poko obeyi lòd Lakou Kasasyon (Kou Siprèm Ayiti a) pase pou li mete non Dumarsais Siméus sou lis kandida definitif yo. Malgre sa, msye Siméus ap pare pou li mennen kanpay.

Ou kapab koute tout entèvyou a si ou fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a.

XS
SM
MD
LG