Accessibility links

Breaking News

Kosta Rika ap Rankontre ak la Frans nan Martinik


Football

An match amikal entènasyonal La Frans gen pou l rankontre ak Kosta Rika 9 Novanm nan Martinik. Premye fwa franse yo ap jwe nan yon peyi nan Atiy yo.

Seleksyon football Angola a gen pou ale o Japon kote li pral jwe yon match amikal chofe jarèt ak seleksyon nasyonal peyi a. Match sa a antre nan kad preparasyon 2 seleksyon yo ap fè pou koup du mond Almay 2006 la.

Japon te planifye pou rankontre ak Kot Divwar men yo abandone ide a apre Ivwayen yo pat rive mete sou pye seleksyon A a. Se premye match entènasyonal Japon ap jwe kont yon peyi Afriken depi anviwon 2 zan. Se footballè brezilyen Ziko ki nan tèt seleksyon Japonè a.

Klub football franse Lyon ki ranpòte chanpyona Lig dè chanpyon Europeyen an 4 fwa rete youn pami 3 klub ki rete envenkou nan chanpyona a apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan klub Grèk Olenpyakos yè Mèkredi a-- Bayern de Munick ak Arsenal se 2 lòt klub yo. Inter de Milan tonbe 2 a 0 devan FC Porto. Chelsea wouze Real Betis 4 a 0. Real Madrid, ki ranpòte trofe a 9 fwa pilon-nen Rosenborg de la Norvèj 4 a 1. An palan de Real Madrid mitan klub la Julio Baptista pran yon kanpe lwen pou 5 semen akoz yon pwoblèm ligaman.

Nouvèl ki soti nan Rio de Janeiro O Brezil fè konnen prezans Ronaldo nan peyi a pa gen pou objektif subi yon operasyon nan je pye l, senpleman pou l suiv yon tretman doktè Real Madrid yo mande l pou l fè. Msye gen pou -l benyen nan dlo glase epi repoze l.

Dapre yon bulten ofisyèl konsènan tiraj osò koup du mond la gen aranjam kap fèt pou deziye brezil kòm tèt de seri group F l pou evite chanpyon du mond 5 fwa a pa rankontre ak òganizatè konpetisyon an jus nan final la akondisyon 2 peyi yo fini nan tèt group la.

Nan lòt rankont Liverpool pase sou Anderlecht ak yon viktwa tou mens 1 a 0. La polis Bèlj arete plis pase 70 fanatik Liverpool ki tap chache pran daso nan stad la pou l kore ekip la. Milan AC fè match nul 0 a 0 ak PSV Eindoven, menm rezulta pou klub Glasgow Rangers ak klub Slovak Artmedia Bratislava. Klub Turk Fenerbahce fè match nul 3 a 3 ak ak Shalke 04.

Seleksyon nasyonal feminen Meksiken tonbe 2 a 0 devan Ostrali nan kad yon match amikal chofe jarèt. Otorite Britanik yo libere pwovizwaman footbalè Potugè Cristiano Ronaldo ki te enplike nan yon zafè de kadejak ki te pase yon otèl nan vil Lond.

Responsab Pòtugè yo minimize ensidan an. Nouvèl ki soti nan vil Kèr fè konnen federasyon Football Maròk ta ap negosye ak Didier Deschamps ak Philippe Troussier vinn antrenè seleksyon an.

Kad teknik seleksyon alman an pwopoze yon rankont ak responsab klub premyè divizyon alman yo Madi pwochen pou fè lulmyè sou kritik kap tonbe sou do antrenè seleksyon an Jurgen Klisman ki nan tèt seleksyon an depi Out 2004

Raul Tamudo make yon grenn gòl pou pèmèt klub Espayòl ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Lokomotiv de Moskou. Jodi a pral gen yon duèl ak klub franse Olenpik de Marseille ak CSKA de Moskou. Dènye fwa 2 belijeran yo te rankontre eh byen Marseill te bimen klub Rus ak yon viktwa 6 a 0 pou l te ranpòte tit Lig dè chanpyon an an 1993.

Olympics

Siklis Kolonbyen Maria Luisa Calle ap resevwa meday de bronz li te pèdu nan ka dopaj li te enplike pandan dewoule je zolenpik Atè n 2004 yo. Tribunal Spòtif Abitraj la vote an favè Atlèt la ki te pran yon medikaman pou mal tèt aloske medikaman an figure sou lis entèdi

Supèvizè Je zolenpik Divè Turen 2006 yo pa rive konvenk palman Italyen pou l adousi lwa anti dopaj peyi pandan dewoulman je yo. Dapre nouvèl yo Mario Pescante, ki se manb Komite Olenpik Entènasyonal la, ap eseye konvenk gouvènman Italyen an pou l fè yon kanpe lwa anti dopaj sevè li genyen pou l satisfè kontra vil la te siyen an 1999 lè òganizasyon olenpik entènasyonal la te seleksyone vil la pou òganize je divè yo. Dapre responsab la imaj Itali kapab soufri si palman an refuze chanje lwa a. Msye Pescante fini pou di li gen pou l rankontre ak Premye Minis Silvio Berlusconi pou l diskute kesyon an.

Boxe

Pi gran boksè Zambyen Lottie Mwale mouri apre 6 zan li pase ap soufri ak maladi Parkinson.

XS
SM
MD
LG