Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Sektè Reyaji Pozitivman Sou Chanjman Ki Fèt Nan Aparèy Elektoral la


Pou lendi 17 oktòb 2005 la, men kèk pami prensipal pwen k'ap fè aktyalite nan peyi d Ayiti:

Gen yon nouvo direktè egzekitif nan Konsèy elektoral Pwovizwa a. Yon korespondans Rotchild Francois, Jr. depi Potoprens

Reyaksyon pozitif bò kote enstitisyon ki te voye reprezantan yo al’ fòme KEP a, apre chanjman ki fèt nan aparèy elektoral la, dapre yon korespondans Renan Toussaint.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a rekondui kèk kandida pou Palman an ki te pran move kanè. Nan depatman Latibonit, benefisyè mezi sa a eksprime satisfaksyon yo, men yo gen dout jiskaprezan sou fason “processus” elektoral la ap dewoule. Nan Gonayiv, nou gen sou plas Duc Jonathan Joseph!

Nouvèl ki soti nan sidès Ayiti, pi presizeman nan vil Jakmèl, demanti bri ki te fè konprann yon sitwayèn peyi Lafrans ta jwenn lanmò anba men bandi nan jou ki sot’ pase yo. Korespondan nou Jean Martinez di nou dam sa a, ki se yon pwofesè lekòl, twouve li an bòn sante e otorite lokal yo ap sere boulon eleman yo sispèk ki ta enplike nan zak sa a ak lòt aktivite kriminèl nan vil la.

Pou w ka tande repòtaj sa yo an detay, klike sou lyen, sou ralonj, ki anlè paj la.

XS
SM
MD
LG