Accessibility links

Breaking News

Bilan Tranblemanntè a ap Ogmante Nan Pakistan: Omwen 20 Mil Mò Lendi


2 jou aprè yon tranblemanntè te frape Pakistan, moun kap pote sekou yo toujou ap fouye anba debri yo, pafwa ak pwòp men yo ak espwa yo ka petèt jwenn moun ki vivan toujou. Kantite moun ki mouri nan tranblemanntè sa a, ki te mezire 7, 6 sou echèl Richter a, pa sispann ogmante.

Samdi yo tap pale de 4.500. Yè, chif la te gentan nan 18.000 epik. Jodi lendi a, li depase 20 mil mò, e plizyè dizèn milye moun blese. Pifò moun ki mouri nan dezas samdi a te abite nan pati Kashmir ki anba kontwol Pakistan an, paske se la soukous la te santre.

Kounye a, solda pakistanè yo retabli wout ak kominikasyon avèk kèk rejyon ke dezas la te pi frape. Men abitan yo toujou ap fè fas ak gwo mank manje ak gazolin e gen anpil piyay kap fèt nan Muzaffarabad pandan moun yo ap lite pou yo jwenn pwovizyon.

Klike sou ralonj anlè paj la pou w ka tande yon repòtaj.

XS
SM
MD
LG