Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kanpay Elektoral la Lanse Ofisyèlman


Prezidan KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a), Max Mathurin, deklare ouvèti ofisyèl kanpay pou eleksyon 2005 yo nan yon diskou li pwononse sou televizyon leta a. Msye Mathurin pwomèt KEP a ap òganize eleksyon lib e demokratik, men li pa di si eleksyon sa yo ap fèt nan dat 20 novanm nan. Premye-Minis Latortue gen pou li dirije yon seyans demen lendi a sou pwen sa a jisteman, anpalan de kalandriye elektoral la.

Pandansetan, Konsèl la sanble rejwenn dosye kandida Dumarsais Mécène Siméus, ki te pèdi. Mistè sa a te soulve anpil pale-anpil ak anpil kritik nan kan multi-milyonè Pont-Sondé a. Siméus gen biznis li nan eta Texas, men li angaje nan yon konba pou non li ka figire sou bilten vòt yo pou plas prezidan peyi d Ayiti. Yon nòt kandida a di ka li a prale devan Lakou Kasasyon.

Fè klik sou ralonj ki anlè paj la pou w ka tande repòtaj Jn-Pierre Leroy a.

XS
SM
MD
LG