Accessibility links

Breaking News

Tranblemanntè Nan Kashmir: Omwen 19-Mil Mò


Pakistan fè konnen tranblemanntè ki frape rejyon Kashmir yè samdi a fè plis pase 19-mil mò. Se yon soukous 7,6 (sou echèl Richter a) ki te santre nan pòsyon teritwa a ki sou kontwòl gouvènman pakistanè a. Nan peyi End, sitou nan Kashmir endyen an anviwon 600 moun mouri, men pifò viktim soukous la twouve yo sou bò Pakistan an. End ak Pakistan, youn ofri lòt asistans.

Kote n'ap pale la a, yon kokenn mobilizasyon entènasyonal sou pye pou pote sekou prese-prese bay zòn sinistre yo. Ameriken, japonè, ewopeyen, tout moun ap voye ekipman, manje, medikaman, pèsonèl espesyalize, pou ede Pakistan ak End.

Klike sou ralonj anlè paj la pou plis detay.

XS
SM
MD
LG