Accessibility links

Breaking News

Kosta Rika Kalifye pou Faz Final Koup du Mond Almay 2006 la


Football

Nan Konkakaf la Kosta Rika jwen 3 zièm tikè pou reprezante KONKAKAF la apre li kale Etazuni 3 a 0. Meksik pilonen Gwatemala 5 a 2-yon defèt ki deranje Gwatemaltèk yo apre Trinidad and Tobago kale Panama 1 a 0 pou mete a 10 pwen aloske Gwatemala gen 8 pwen--Lut la pral sere pou 4 trièm plas la. Trinidad ap akeyi Meksik-epi Gwatemala pral mate balon fas a Kosta Rika pandan ke Etazuni ap akeyi Panama. Sa vle di Gwatemala dwe kale Kosta Rika epi espere Meksik bat Trinidad and Tobago.

Ekip ki klase 4 trièm nan zò n Konkakaf la pral jwe yon match de baraj ale/retou ak Baren pou detèmine dènye kalifye.

Surpriz sou kontinan Afriken an ap Kameroun, Nijerya, Senegal elimine nan faz final koup du mond Almay 2006 la. Angola, Togo, Kot Divwar, Gana ak Tunizi se 5 peyi kap reprezante kontinan Afriken an Tunizi kalifye apre match nul 2 a 2 yo fè ak Maròk nan group 5 la. Kot Divwa kalifye non sèlman akoz yo kale Soudan 3 a 1 men tou Kameroun fè match nul ak Ejipt apre yo rate yon penalite nan fen rankont la --yon penalite ki tap pèmèt Kamerounè yo kalifye men malerezman. Gana ap fè premye vwayaj li nan yon koup du mond menm jan ak Togo ak Kot Divwar, apre yo bimen Kap Vert 4 a 0. Kongo jwen tikè pa l apre li kale Kongo 3 a 2 epi Angola make yon bout gòl pou l kale Rwanda 1 a 0.

La Frans dwe tann Mèkredi avan li konnen si lap kalifye pou koup du mond almay 2006 la apre yo fè match nul 1 a 1 ak la Swis Samdi nan vil Berne. Sepandan Angletè, la Oland, Kwasi, La Polòy ak Itali jwen biyè pou faz final la ak Portugal ak Ukrèn ak peyi òganizatè a Almay.

Nan Amerik du Sud la Ekwatè ak Paragwe ajoute non yo sou lis la ak Arjantin ak Brezil. Pou kontinan Azyatik la gen Iran,Japon, Arabie Saoudit ak Kore du Sud.

Isit Ozetazuni Metro Stars kale D.C. United 2 a 1 pou l konsève espwa l pou faz final la. Yon rezulta ki bon pou Metro Stars akoz Kansas City Wizards fè match nul 2 a 2 ak New England Revolution. Pwochen rankont ak enpòtan lè Metro Stars ap rankontre ak Kansas City Wizards-2 ekip kap goumen pou yon plas. Kolonbus Crew ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan Chikago Fire.

XS
SM
MD
LG