Budjè Ayiti pou ane fiskal 2005/2006 la ap koute trezò piblik la 36 milya goud. Minis finans ak ekonomi ayisyen an, Henri Bazin, fè konnen ant 40 ak 50 pou san lajan sa a pral sèvi pou finanse administrasyon piblik la epi rès la gouvènman an va itilize l' pou envestisman, men li pa endike nan ki sektè.
Gouvènman an espere lajan sa a va sòti nan ogmantasyon resèt lajan taks li pran sou sitwayen yo ak nan kontribisyon òganizasyon finansman entènasyonal yo. Yon lòt kote, minis ekonomi ak finans lan mande sektè prive a respekte nouvo dispozisyon fiskal leta adopte sou lajan yo dwe peye trezo piblik, dapre resèt yo reyalize nan peyi a (impôt sur le revenu). Msye Bazin di pou "redui pèt leta, li lè li tan pou sosyte kap reyalize kòb nan peyi a prezante vrè bilan resèt anyèl yo " .
Men deja yon pati nan sektè prive a koumanse rele pou di gouvènman an "teke fren li" ak mezi sa a paske si li adopte nouvo mezi fiskal li anonse yo sa kapab nui ekonomi nasyonal la.
Sektè prive a ta prefere gouvèman an aplike yon fason pi jis e pou tout moun lwa sou enpo ki ekziste deja yo atravè yon rezo pèseptè efikas e byen òganize.