Accessibility links

Breaking News

Chanpyona Lig Chanpyon Europeyen an ap Kontinye Jodi a.


Football

Balon pran woule jodi a nan okazyon 2 zièm jounen lig dè chanpyon an. Lyon ap rankontre ak Rosenborg. Real Madrid fas ak klub Olenpiakos. Liverpool kont Chelsea reprezante match kle nan jounen an. Plizyè gwo klub Europeyen ranpòte la viktwa nan match retou lig dè chanpyon an. Brezilyen Ronaldinho make 3 gòl nan viktwa 4 a 1 F C Barselòn ranpòte devan klub Italyen Udinese. Barselòn nan tèt group C a ak 6 pwen devan Panathinaikos ki kale Werder de Brem 2 a 1. Nan group A a Juventus de Turen kale Rapid de Vyèn 3 a 0. Bayern de Munik ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan FC Bruges. Nan group B-a Arsenal suprann Ajax Amsterdam 2 a 1. Sparta de Prag tonbe devan klub Swis Thun 1 a 0. Manchester United ranpòte la viktwa devan Benfica de Lisbon 2 a 1.Klub franse Lille rache yon nul 0 a 0 nan men Villarreal.

FIFA bay abit brezilyen Edilson Pereira de Carvalho yon bwa long kenbe nan moman otorite football Brezilyen ap ankete kout lajan anba tab msye ta pran pou l fè kout siflèt an favè yon seri de klub Brezilyen. FIFA di desizyon li jeneral e li endefini kont msye Cavalho ki nan prizon.

Responsab football zèpòl kare yo fè konnen gen posibilite pou yo jwe plis rankont an deyò Etazuni si pwochen rankont ki gen pou jwe O Meksik Dimanch kap vini la reyusi. Dimanch San Francisco 49ers ap rankontre ak Arizona Cardinals, premye match sezon regulye ki jwe an deyò teritwa ameriken an.. Responsab yo ap konsidere posibilite pou rankont ta jwe an Angletè, Japon, la Chin ak Kanada ak Meksik.

Tennis

Federasyon Tenis Entènasyonal la fè konnen yo suspann jwè tenis ameriken Alex Bogomolov apre lit e teste pozitif pandan dewoulman tounwa tenis Open Ostrali a.

Atletisme

Federasyon Atletis Entènasyonal la ratifye dènye rekò du mond atlèt Rus Yelena Isinbayeva te ranpòte.

Olympics

Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la Jacque Rogge mande 7 vil ki poze kandidatu yo pou òganize je zolenpik yo an lan 2014 pou kontwole pri, konsantre yo sou kondisyon pou òganize je yo

Lutte

Lutè Rus Buvaaysa ranpòte 6 zièm tit nan chanpyona du mond ki tap dewoule nan Budapest an Ongri.

Dopage

Palmantè ameriken yo kontinye ap diskute pwojè lwa posib pou konbat utilizasyon steroyid ansanm ak lòt dròg ilegal pami atlèt pwofesyonèl yo. Lig Baseball ameriken an ap fè depozisyon jodi a devan Komite Komès nan Sena a. Responsab yo nan NBA ak lig Hockey a ap temwaye tou. Chanm dè reprezantan an soumèt 3 pwojè sou kesyon utilizasyon dròg nan pratik spò Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG