Accessibility links

Breaking News

Ronaldinho Nonmen Meyè Footballè pou Ane a


Football

Sendika jwè football pwofesyonèl yo nonmen mitan teren seleksyon nasyonal brezilyen an Ronaldinho meyè jwè mondyal pou ane a. 38 mil footballè pwofesyonèl nan 40 peyi vote an favè Ronaldinho dapre yon anons ki fèt yè Lendi a nan vil Lond.

Sendika jwè yo vote an sekrè meyè seleksyon mondyal pou ane a. Nan gòl la nou jwen Brezilyen Nelson Dida, an Defans Italyen Paolo Maldini ak Alessandro Nesta, Brezilyen Kafu ak Angle John Terry. Nan mitan teren an gen Angle Franck Lampard, Brezilyen Ronaldinho, franse Claude Makelele ak Zinedine Zidane--Nan liy datak la nou jwen Kamerounè Samuel Eto’o ak Ukreynyen Andriy Shevchenko.

Lòt pri al jwen Angle Wayne Rooney kòm meyè jè n footballè pou ane a. Fanatik yo vote Pòtugè kòm meyè jè n jwè pou ane a.

Real Madrid anonse entansyon pou l mande Lig Espayòl la rejwe rankont li sot pèdu fas ak klub Espayòl akoz abit la te sifle avan menm ekip advès la te make gòl nan 68 tièm minit rankont la.

Nan football balonwon la Turki kale Urugwe 3 a 2 pou l kalifye pou kar de final chanpyona du mond Kadè kap dewoule O Perou. Meksik kalifye tou apre li tronse Ostrali 3 a 0. Urugwe ak Ostrali elimine malgre yo manke yon match nan group B a. Nan group A a La Chin ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan la Peru. Kosta Rika fè match nul 1 a 1 ak Gana. La Chin ap domine group la ak 4 pwen. Kosta Rika ak Gana gen 2 pwen yo chak aloske Perou gen 1 pwen. Demen Jedi a la Chin ap rankontre ak Gana epi Kosta Rika fas a Perou. Nan Group C a Etazuni ak Itali nan tèt klasman jeneral la pandan ke La Oland ak Gambi nan tèt group D a.

Pou la premyè fwa an 10 zan Washington Redskins suprann bonanj rival li Dallas Cowboys ak yon viktwa 14 a 13. Dallas tap men-nen 13 a 0 nan 4 trièm minit avan fen match la lè Redskin make 2 touch down pou paralize fanatik Dallas yo. Nan yon lòt rankont New York Giants danse sou New Orleant Saints 27 a 10 pou mete l ak 2 viktwa 0 defèt.

Boxe

Chanpyon pwa lou ameriken Hasim Rahman ap remonte sou ring nan pou l rankontre ak chanpyon Konsèy Mondyal Boks la Ukrenyen Vitali Klitschko nan yon konba kap dure 12 round nan Las Vegas le 12 Novanm. Klitschko gen yon palmarès 35 viktwa( 34 KO) 2 defèt pandan ke Rahman gen yon palmarès 41 viktwa( 34 KO)a 5 defèt yon nul.

Slovèn Katarina Srebotnik ranpòte yon viktwa an 3 manch 2-6, 7-6, 6-3 nan kad tantativ lap fè pou l ranpòte tounwa tenis Open Sloveni a pou yon 3 zièm fwa. Tchèk Klara Koukalova elimine Espayòl Maria Sanchez Lorenzo 7-6, 6-0 pandan Italyèn Roberta Vinci ekate Kwat Sanda Mamic an 2 manch 6-2, 6-3.

XS
SM
MD
LG