Accessibility links

Breaking News

La Rusi Konsève Koup Konfederasyon an


Tennis

La rusi ranpòte koup konferasyon an pou yon 2 zièm fwa apre yo kale la Frans 3 a 2 nan stad Roland Garos la nan vil Pari.

Numewo 2 tenis mondyal feminen an ameriken Lindsay Davenport fè retrè nan tounwa tenis Peken an akoz yon dechirur. Nan final la ki jwe yè Dimanch adolesan espayòl Rafael Nadal mete akote arjanten Guillermo Coria pou l ranpòte final la. Kategori meda m yo ki jodi a Japonè Ai Sugiyama ekate konpatriòt li Akiko Morigami 7-6, 6-4.

Atletisme

Kourè ameriken Justin Gatlin ak Allyson Felix ranpòte kous 100 mèt kategori maskulen ak feminen kous Atletik kap dewoule O Japon. Japonè Yuzo Kanemaru ak ameriken Dee Dee Trotter ranpòte kous 400 mèt maskulen ak feminen pandan ke ameriken Dwight Phillips ak Japonè Kumiko Ikeda ranpòte tit sot an longè kategori maskulen ak feminen.

Football Antrenè klub football franse AS Monaco Didier Deschamps demisyone nan pòs la apre movèz pèfòmans ekip la renmèt nan chanpyona premyè divizyon An Angletè viktwa 2 a 0 Chelsea ranpòte devan Charlon pèmèt li rete nan tèt chanpyona a. An Almay Bayern de Munich kontinye ap byen mennen nan Bundersliga a nan moman yo pral jwe an deplasman lakay Franckfort. An Itali Juventus de Turen ranpòte yon viktwa 2 a 1 pou l kontinye dodomeya nan chanpyona Seri A apre 3 zièm jounen ki dispute pandan weekend nan. An Espay kafe Reyal Madrid kontinye koule ak ma apre defèt 1 a 0 yo subi devan Espayòl nan 3 zièm jounen chanpyon a. Barselòn fè bèk atè devan Atletico de Madrid 2 a 1.

Philadelphia Eagles woule San Francisco 49 ers 42 a 3 gras a Terrel Owens ki make 2 touch-down. Carolina Panthers danse sou New England Patriots 27 a 17. Baltimore Ravens subi 2 zièm defèt li nan chanpyona a apre yo tonbe devan Tennessee Titans 25 a 10. Pittsburgh Steelers ranpòte 2 zièm viktwa l apre li pase sou Houston Texans 27 a 7.

Aswè a New Orleans Saints ap jwe lakay New York Giants epi Washington Redskins pral lakay Dallas Cowboys.

Nan Football balonwon D-C United tronse Colorado Rapids 2 a 0 Samdi pou l konsève 2 zièm plas la nan lig football balonwon ameriken an. Nan yon match ki te sere sere New York Metro Stars ranpòte yon viktwa de justès devan New England Revolution 5 a 4 pou -l rete anvi nan chanpyona a ak 40 pwen. Kolonbus Crew tonbe devan Chikago Fire 2 a 1. Kansas City fè match nul 2 a 2 ak Los Anjeles Galaksi. Chivas USA tonbe San Jose Earthquake 2 a 1. Real Salt Lake fè bè atè devan Dallas 2 a 1.

Boxe

Boksè ameriken Leavander Johnson antre nan Coma nan yon lopital nan Las Vegas apre operasyon li subi pandan weekend nan kèk minit apre li pèdu tit pwa leje a fas a Meksiken Jesus Chavez.

XS
SM
MD
LG