Accessibility links

Breaking News

Real Madrid bité nan 16 zièm Final Lig Chanpyon Europeyen an


Football

Gwo sezisman nan okazyon 16e de final Lig Chanpyon ewopean-an : An deplasman Real Madrid pran yon kal pwòp nan men Lyon 3 a 0 depi nan premye mitan. Donk , càest la honte et la decepsyon kay madrilèn-yo. Nan menm gwoup F sa-a Rosenborg kale Olympakios 3 a 1 . Sa vle Real dènye nan Gwoup-la . Nan Gwoup E-a :Milan AC pat fèt twòp detay ak klub turk Fenerbaçe ke-l kale 3 a 1 ; viktwa 1 a 0 PSV Eidoven sou Shalke 04; Gwoup G: Tchelsea kale Anderlect 1 a 0 ; Betis Seviy fè bèk atè 2-1 devan Liverpool ; Nan Gwoup H-la Glasgow Rangers kale Porto 3 a 2 ; Inter de Milan kale Bratislava 1 a 0 .

Gwoup A, B,C, D. Groupe A: Rapid Vienne (AUT) - Bayern Munich (ALL) FC Bruges (BEL) - Juventus Turin (ITA) Groupe B: Sparta Prague (TCH) - Ajax Amsterdam (PBS) Arsenal (ENG) - Thoune (SUI) Groupe C: Udinese (ITA) - Panathinaïkos (GRE) Werder Brême (ALL) - FC Barcelone (ESP) Groupe D: Villarreal (ESP) - Manchester United (ENG) Benfica Lisbonne (POR) - Lille (FRA)

D.C. United fè match nul 1 a 1 Universidad Catolica du Chili nan kad koup Amerik du Sud la. Match retou a fikse pou semen pwochèn nan o Chili kote D-C United bezwen yon viktwa ou byen yon nul 2 a 2 pou pipiti.

Klub football Sud Koreyen Busan I Park woule klub Katar Al Sadd 3 a 0 nan kad match ale kar de final Lig dè chanpyon Azyatik la. Match retou a ap jwe nan Doha semen pwochen nan. Klub patisipan yo siti nan la Chin, Kore du Sud, Arabi Sawoudit, Iran, ak Katar. Venkè a ak kalifye pou chanpyon du mond dè klub FIFA kap dewoule an Desanm nan vil Tokyo o Japon.

Nan klasman mansuèl FIFA publiye jodi mèkredi a, La Frans ak 2 viktwa nan eliminatwa Mondyal 2006 la ann Almay pran 3 plas. Li soti 9 pou l tonbe an 6e pozisyon. Pandansetan Brezil toujou kage l sou fotèy numewo 1 an devan La Oland ki yon plas pou l depase Arjantine ki an 3e pozisyon. Republik Tchèk toujou rete 4e; menm jan ak Meksik ki pa bouje nan 5e plas la . Etazuni , yon lòt reprezantan CONCACAF pèdu yon plas pou-l tonbe an 7e pozisyon . Espay, Pòtugal ak Lasuèd konplete Top Ten. Ayiti pèdu 4 pwen pou-l tonbe an 91e pozisyon. Vwazen-nou, Republik Dominikèn twouve l an 172e.

Tennis

Nan tenis espayòl Rafael Nadal kalifye san pwoblèm pou 2e tounwa Peken an apre viktwa l sou tayiwanè Wang Yeu-tzuoo an 2 sèt : (6-2 6-4). Konpatriyòt li Juan Carlos Ferrero elimine rus Dmitry Toursounov an 2 sèt 6-4, 7-6. Ferrero (6) ap rankontre ak arjanten David Nal-bandian ki umilye Izraélyen Amir Hadad an 2 sèt : 6-4 6-0

Cyclisme

Siklis Espayòl Carlos Garcia Quesada (Valence) ranpòte jodi mèkredi-a 17e etap Tour d’Espay-la ki mezure 165 edmi ant El Eîspinar ak LaGranja de San Idefonso. Konpatriyòt li Roberto Heras toujou nan tèt klasman jeneral-la. Carlos Garcia Quesada (Valence) 5e nan klasman jeneral-la .

Komite Olenpik chinwa a radye pou 2 zan siklis Zeng Liqing ak kourè cheval Xu Xianyu akoz yo ta konsome yon uzaj anabolizan. Zeng teste pozitif pou uzaj ormone EPO nan yon tès ki te fèt an deyò konpetisyon 25 Mas pase a. Pandan ke cheval Xu a teste pozitif pou yon dròg anti enflamatwa. Kòm konsekans komite a frape Zheng yon amand 500 dola, atrenè a non sèlman ap peye yon amand men resevwa yon entèdiksyon 4 tran pou l pa antrene an Chin. Cheval la ansank ak klub la pap patisipe nan oken konpetisyon pou yon lane.

Judo / Haiti

Delegasyon judoka ayisyen ki sot patisipe nan chanpyona mondyal Judo nan vil Kèr pa renmèt anyen nan gad la. Prezidan Federasyon Judo ayisyen Ernst Laraque di nou rezon ki eksplike movèz pèfòmans sa a se mank preparasyon. Ernst Laraque se prezidan Federasyon Judo ayisyen an li te pale ak nou depi vil New York. Kliké sou ralonj ki an lè atik sa a pou w tande Ernst Laraque

XS
SM
MD
LG