Kim Clijsters elimine Mary Pierce pou l' ranpòte twofe US Open nan avèk yon chèk $ 2 milyon 200 mil dola--pi gwo prim tounwa sa a janm ofri yon chanpyòn nan istwa US Open nan.
Apre 4 tantativ rate, Clijsters finalman dekwoche premye tounwa Gran Chelèm li gras ak yon viktwa an 2 manch 6-3, 6-1 sou Pierce nan Stad Arthur Ashe la nan Nouyòk.