Accessibility links

Breaking News

55 kièm Kongrè FIFA ap dewoule O Maròk


Tennis

Swis Roger Federer kalifye pou semi final tounwa tenis US Open nan kap dewoule nan Flushing Meadow nan New York gras ak yon viktwa an 3 manch li ranpòte devan arjanten David Nalbadian 6-2, 6-4, 6-1. Federer pral rankontre nan semi final la ak Ostralyen Lleyton Hewitt ki te monte yon maswife avan li kale Findlandè Jarkko Nieminen 2-6, 6-1, 3-6, 6-3, 6-1. Lòt semi final la ap mete bab pou bab ameriken Andre Agassi ak Robby Ginepri.

Cyclisme

Siklis Italyen Alessandro Petacchi ranpòte 12 zièm etap kous bisiklèt Tour DEspay la. Rus Dennis Menchov toujou nan tèt klasman jeneral la.

Judo

Franse yo pran 3 meday nan konpetisyon Judo kap dewoule nan vil Kèr an Ejipt depi yè Jedi a. Franse yo ranpòte meday de bronz la nan kategori + 78 kilo mwens 78 kilos ak plus 100 kilos.

Football

New England Revolution ap akeyi Kolonbus Crew. Kansas City Wizard ak akeyi New York Metro Stars. DC United pral lakay FC Dallas epi Galaxi ap akeyi Kolorado Rapids.

Basketball

Connecticut kale Indiana Fever 73 a 68 nan kad seri 3 manch final konferans de Lès la chanpyona basketball feminen an. Sakramento te bezwen pwolongasyon pou l kale Houston Comets 73 a 69. Venkè 2 konferans yo ap rankontre nan final pou detèmine chanpyon nasyonal la.

Football

Dopaj nan football ak relasyon FIFA ak Ajans Antidopaj Mondyal la ap nan sant 55 kièm kongrè FIFA ap fè nan Marrakech o Maròk Dimanch ak Lendi. Prezidan Ajans Antidopaj Mondyal la Dick Pound, vle bay federasyon yo menm tretman, di atitud FIFA sou kesyon pratik dròg nan spò menase dewoulman koup du mond Almay 2006 la. Òganizatè koup du mond la ansanm ak FIFA di yo pa konprann konpòtman AMA sou kesyon an. FIFA ap akeyi nan Kongrè a 2 nouvo manb Comores ak Timor kòm 206 zièm ak 207 tièm manb federasyon football entènasyonal la. Lòt kesyon kap nan sant deba yo se enjerans politik nan spò, korupsyon ak paryaj. FIFA ap pwofite de okazyon pou l mete devan delege yo règleman 6 +5 la--posibilite pou yon klub mete sou teren an 5 etranje ak 6 jwè lokal--yon sujè ki kapab monte yon maswife nan lig football Europeyen yo.

Real Madrid anonse franse Zinedine Zidane ap absan pou 3 semen akoz doulè.

XS
SM
MD
LG