Football
Balon te woule yè swa sou kontinan Europeyen an ak nan zòn KONKAKAF la. Meksik se 2 zièm kalifye nan rejyon an apre li wonfle Panama 5 a 0 nan okazyon 8 tièm jounen ekzagonal final la. Etazuni redui chans Gwatemala apre yo fè match nul 0 a 0 nan Gwatemala City. Kosta Rika ogmante chans li dèyè 3 zièm plas la apre li kale Trinidad and Tobago 2 a 0.
Pwochen rande vou 8 Oktòb lè Etazuni ap fè yon kout pye lakay Kosta Rika. Meksik ap akeyi Gwatemala epi Panama ap akeyi Trinidad and Tobago. Nan klasman jeneral la Meksik ak Etazuni pataje premye plas la ak 19 pwen yo chak. Kosta Rika klase 3 zièm ak 13 pwen. Gwatemala klase 4 trièm ak 8 pwen answit nou jwen Trinidad and Tobago gen 7 pwen epi Panama nan ke kamyonèt la ak 2 pwen.
Sou kontinan Europeyen an Angletè tonbe devan Irland 1 a 0--yon defèt ki pa ranje Angle yo du tou. Nan group 4 la ki sere anpil la Frans ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Irland du Sud gras ak yon bout gòl Thierry Henry make nan 67 tièm minit rankont la. Izrayel bat Il Feroe yo 2 a 0 pandan ke la Swis woule Chipr 3 a 1. Tout matematik ranfòse chans pou la Frans kalifye pou faz final koup du mond la. Yon viktwa la Frans kont la Swis ap mete yo ak 19 pwen pandan ke Swis yo ap rete a egalite ak Irland ak 16 pwen yo chak men a kondisyon Irlandè yo ranpòte la viktwa devan Chipr. Izrayel ta dwe ranpòte la viktwa devan Il Feroe yo.
Dènye jounen an le 12 Oktòb pral desizif lè Swis ap rankontre Irland-nenpòt viktwa ap tounen an favè la Frans menm si li ta pèdu devan Chipr nan stad de Frans la. Franse yo ta pral a egalite ak venkè rankont Swis/ Irland la ak 19 pwen yo chak. Nap raple an ka 2 ekip fini a egalite--règleman yo pral konsidere rankont ki te deja jwe ant 2 ekip yo. Balans la panche plis bò kote franse yo Si la Frans ta pèdu devan la Swis epi ranpòte rankont kont Chipre la-Franse yo ta renmèt Irland kale la Swis le 12 Oktòb -donk la Frans, Irland ak la Swis kapab gen menm kantite pwen-gòl diferans pral jwe yon wòl enpòtan pou detèmine premye ak 2 zièm pou group la.
Kèk rezulta Danmak danse sou Jòrji 6 a 1, Bèljik pilonen San Marino 8 a 0. La Oland toupizi Andor yo 4 a 0. Findland tronse Masedwan 5 a 1. Republik Tchèk pat rankontre oken difikilte pou l kale Armeni 4 a 1.
Chanpyona nasyonal football zèpòl kare ap demare jodi a nan Foxboro Massachussets kote New England Patriots ap akeyi Oakland Raiders. Sezon ap demare okonplè DimanchUS
Tennis
Tèt de seri numewo 7 tounwa tenis US Open nan ameriken Andre Agassi monte yon maswife avan li kale konpatriòt li James Blake 3-6, 3-6, 6-3, 6-3, 7-6 pou l kalifye pou semi final tounwa a. Agassi pral rankontre ak konpatriòt li Robby Ginepri ki elimine arjanten Guillermo Coria an 5 manch 4-6, 6-1, 7-5, 3-6, 7-5.
Bò kote meda m yo Rus Elena Dementieva suprann numewo 1 mondyal la Lindsay Davenport ak yon viktwa 6-1, 3-6, 7-6. Dementieva pral rankontre ak Marie Pierce nan semi final la. Pierce te bezwen 2 manch pou l debarase l de Amelie Mauresmo 6-4, 6-1.