Accessibility links

Breaking News

Lance Armstrong Anonse Plan pou l Retounen nan Konpetisyon


Cyclisme

Siklis ameriken Lance Armstrong ki ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la 7 fwa afile anonse posibilite pou l retounen nan konpetisyon siklis. Anons sa a fèt nan moman Armstrong ap fè fas ak akuzasyon li ta konsome dròg EPO lè l te ranpòte konpetisyon an pou la premyè fwa an 1999. Akuzasyon Armstrong rejte.

Football

Plizyè match enpòtan ap dewoule sou kontinan Europeyen ak nan zòn Konkakaf la pou eliminatwa koup du mond Almay 2006 la. La Frans ap rankontre ak Irland nan Dublin nan yon rankont kote 2 ekip yo nan difikilte pou kalifye pou faz final konpetisyon an. Nenpòt seleksyon ki ranpòte la viktwa kapab pran tèt group 4 ka kote gen yon lut sere/sere. Pèdan an kapab rete nan wout.

Posibilite pou la Swis ranpòte yon viktwa devan Chip konplike situasyon an akoz Izrayèl trouve l nan yon pozisyon favorab. 2 dènye match Izrayèl lap jwe yo kont Il Feroe yo. Portugal prèske kalifye men li bezwen yon viktwa kont la Rusi nan Moskou nan group 3 a. Nan group 6 la Angletè espere kale Irland du Nò omwen pou l mete l nan 2 zièm pozisyon dèyè lidè group la Polòy. Kwasi kapab kalifye nan group 8 la lè lap rankontre ak Malt ki klase an dènye pozisyon nan group la.

Itali pral chache ranpòte group 5 la nan yon rankont lap jwe kont Belarus. La Grès ak la Turki ap goumen dèyè 2 zièm plas la ke Ukrèn deja ranpòte group 2 a.. Sèbi ak Montenegro ap chache okipe premye plas la nan group 7 la lèl lap rankontre ak Espay. 8 venkè yo ak 2 meyè 2 zièm yo ap kalifye. 6 peyi ki klase 2 zièm pral jwe yon match de baraj ale/retou dèyè 3 lòt plas pou kontinan an.

Nan zòn KONKAKAF la Meksik kapab kalifye si l kale Panama aswè a. Kosta Rika kapab fè yon pa an avan si l kale Trinidad and Tobago epi Gwatemala kapab toujou rete nan kous la si l kale Etazuni, ki pap gen sèvis pifò jwè kap evolye sou kontinan Europeyen an, ap bay jwè nan Lig football balonwon ameriken chans pou prouve yo merite yon plas nan seleksyon an.

Klub football Espayòl F-C Seville kenbe Brezil an echèk ak yon match nul 1 a 1. Ronaldo pat patisipe nan rankont la akoz yon blesu.

Tennis

Swis Roger Federer kalifye pou kar de final tounwa tenis US Open apre li elimine alman Nicolas Kiefer 6-4, 6-7, 6-3, 6-4. Federer pral rankontre ak arjanten David Nalbadian ki woule Italyen Davide Sanguinetti 4-6, 7-6, 6-4, 6-2. Ostralyen Lleyton Hewitt pase Slovak Dominik Hrbaty 3 kout rakèt 6-1, 6-4, 6-2 pou l al rankontre ak Findlandè Jarkko Nieminen-premye finlandè ki kalifye pou kar de final yon tounwa tenis Gran Shelem. Nieminen kale espayòl Fernando Verdasco 6-2, 7-6, 6-3.

Bò kote medam yo Rus Maria Sharapova elimine konpatriòt li Nadia Petrova 7-5, 4-6, 6-4 pou l pase nan semi final la. Kim Clisjters te bezwen 3 kout rakèt pou l elimine ameriken Venus Williams 4-6, 7-5, 6-1. 2 medam yo ap rankontre nan semi final la. Judo Ayiti ap patisipe nan chanpyona mondyal Judo kap dewoule nan vil Kèr an Ejipt soti Jedi 8 Septanb pou rive 11 Septanb 2005 la.

XS
SM
MD
LG