Accessibility links

Breaking News

Belj Justine Henin-Hardenne elimine nan tounwa tenis US Open nan


Tennis

Franse Mary Pierce suprann bonanj Bèlj Justine Hardenne ak yon viktwa 6-3, 6-4 pou l pase nan kar de final la.Ameriken Lindsay Davenport, Amelie Mauresmo ak Rus Elena Dementieva kalifye pou kar de final la. Bòt kote mesye yo ameriken Andre Agassi kale anba redu bèlj Xavier Malisse an 5 manch 6-3, 6-4, 6-7, 4-6, 6-2 pou l kalifye pou kar de final la. Agassi pral rankontre ak ameriken James Blake. Lòt jwè ki kalifye arjantin Guillermo Coria ak Boby Genepri. Jodi a Bèlj Kim Clijsters pral mate balon fas a ameriken Venus Williams. Maria Sharapova ak Swis Roger Federer ap sou teren an sanbliye Ostralyen Lleyton Hewitt.

Cyclisme

Siklis ameriken Lance Armstrong anonse lap marye ak zanmil chantè Sheryl Crow. Mesye dam yo poko anonse dat maryaj la.

Football Universitaire

Florida State suprann archi rival li Miami ak yon viktwa 10 a 7 pou la premyè fwa an 6 zan.

Football Balonwon

Seleksyon football nan Konkakaf la ap pare pou jwe 8 tièm rankont yo nan ekzagonal final koup du mond Almay 2006 la. Etazuni pral lakay Gwatemala. Meksik ap akeyi Panama epi Trinidad and Tobago ap fè yon kout pye lakay Kosta Rika ki bezwen yon viktwa ak yon nul pou l patisipe nan faz final la-- aloske Meksik bezwen 1 pwen pou l kalifye tou.

Gen 9 ekip ki deja gen tikè yo pou faz final la. Peyi òganizatè a Almay, chanpyon du mond an tit la Brezil, Etazuni, Arjantin, Japon, Gana, Iran, Kore du Sud ak Arabi Sawoudit.

XS
SM
MD
LG