Accessibility links

Breaking News

Brezil ak Etazuni kalifye pou koup du mond Almay 2006 la


Football

Brezil kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 la matematikman apre li pase Chili yon rakle 5 a 0 nan Brazilya. Adriano make 3 gòl nan piyay la. Viktwa mete Brezil an 2 zièm pozisyon ak 30 pwen dèyè Arjantin ki te deja kalifye. Brezil gen pou rankontre ak Bolivi ak Venezuela.

Etazuni se premye seleksyon nan zòn KONKAKAF la ki kalifye pou faz final la apre yo wonfle Meksik 2 a 0 nan yon rankont klasik ant 2 meyè seleksyon nan zòn nan. Meksik, ki an 2 zièm pozisyon bezwen yon 1 pwen lè lap akeyi Panama Mèkredi youn pami 3 match li gen pou l jwe nan ekzagonal final la.

Kosta Rika raproche l pou l kalifye tou apre viktwa 3 a 1 yo ranpòte devan Panama ki matematikman elimine. Trinidad and Tobago kale Gwatemala 3 a 2 pou l mete a 7 pwen e rete nan batay la. Ekip ki klase 4 trièm nan kapab rankontre swa ak Baren ou byen Uzbekistan pou dènye plas ki disponib pou koup du mond la. Mèkredi nap gen yon ide pi klè lè seleksyon yo ap monte teren an nan kad 8 tièm jounen ekzagonal final la. Mèkredi Etazuni pral lakay Gwatemala. Meksik ap akeyi Panama epi Trinidad and Tobago ap fè yon kout pye lakay Kosta Rika ki bezwen yon viktwa ak yon nul pou l patisipe nan faz final la.

La Frans, ki sot ranpòte yon viktwa 3 a 0 devan Iles Feroe yo, ap prepare l pou l rankontre ak Irland nan Dublin yon rankont ki enpòtan pou franse yo. Espay ap jwe yon match enpòtan kont Sèbi ak Montenegro. La Oland toujou nan tèt group 1 Europeyen an apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Armeni.

Prezidan Ukrèn nan Viktor Yushenko retire chapo l devan seleksyon peyi a ki kalifye pou la premyè fwa nan faz final yon koup du mond apre match nul 1 a 1 yo fè ak Jorji. Nul 2 a 2 ant Danmak ak Turki bay Ukreyen yo 7 pwen devan Turki nan group 2 a. Ukrènyen yo ap rankontre ak la Turki Mèkredi nan Kyèv. Angletè nan tèt group 6 la apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan peyi dè Gal. Itali toujou nan kous la pou yon 12 patisipasyon afile malgre match nul 1 a 1 yo fè ak Ekòs. Italyen yo nan tèt group 5 la ak 14 pwen.

An Afrik Kameroun te debrouye l tankou mèt Jean Jacques pou l bat Kot Divwar 3 a 2 nan Abidjan. Viktwa ki deranje Ivwareyen yo men ki zafè Kamerounè yo lidè group 3 a. Nan group 2 a Gana kalifye pou faz final koup du mond la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Oganda apre Afrik du Sud pèdu devan Burkina Faso 3 a 1. Afrik sud, kap òganize koup du mond la an lan 2010, elimine apre defèt la.

Gen 9 ekip ki deja gen tikè yo pou faz final Almay 2006 la. Peyi òganizatè a Almay, chanpyon du mond an tit la Brezil, Etazuni, Arjantin, Japon, Gana, Iran, Kore du Sud ak Arabi Sawoudit.

Basketball

Brezil kale Arjantin 100 a 88 nan kad eliminatwa chanpyona du mond basketball pou zòn Amerik yo kap dewoule nan Santo Domingo. Venezuela kale Etazuni 93 a 83 nan match konsolasyon an. Brezil, Venezuela, Etazuni ak Panama kalifye pou koup du mond la kap dewoule o Japon ane pwochèn.

Cyclisme

Siklis espayòl Francisco Mancebo ranpòte 10 zièm etap kous bisiklèt Tour dItali pandan ke Rus Denis Menchov toujou nan tèt klasman ak 47 sekond.

Tennis

Tèt de seri numewo 1 tounwa tenis US Open nan Swis Roger Federer kalifye pou pwochen tounwa a apre li elimine bèlj Olivier Dechus 6-3, 7-6, 6-2. Federer ap chache ranpòte tounwa a pou yon 2 zièm ane afile. Lòt jwè ki kalifye se Ostralyen Lleyon Hewitt, Arjantin David Nalbadian ak Slovak Dominik Hrbaty Bò kote medam yo Rus Maria Sharapova kalifye pou kar de final la apre li pase endyen Sania Mirza 2 kout rakèt 6-2, 6-1. Venus Williams, Kim Clijsters ak Rus Nadia Petrova kalifye pou pwochen tou a.

Atletisme

Atlèt Rus Tatyana Lebedeva ranpòte pri 1 milyon dola Golden League la apre li ranpòte triple so feminen nan konpetisyon ki sot dewoule an Almay.. Mozanbiken Maria Mutola te ranpòte mayòl la nan kategori 800 mèt feminen an.

XS
SM
MD
LG