Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush deklare Rezilta Reyaksyon Gouvènman Federal la devan Kriz Nouvelle-Orléans Pa Akseptab


Konvwa militè gad nasyonal la pote pwovizyon ak materyèl sinistre Nouvelle-Orléans yo bezwen e ap tann depi 4 jou apre siklòn Katrina finn ravaje 3 Eta nan Gòlf Meksik la (Louisiane,Mississippi, Alabama). Vandredi responsab yo ogmante operasyon sekou yo nan moman prezidan George W. Bush tap vizite zòn dezas la.

Prezidan an ale Alabama ak Mississippi, kote l' remèsye sekouris yo e pale ak abitan yo ki, d'lo nan je, eksplike l' mizè ak kalamite yo. Msye Bush sivole tou nan elikoptè vil Nouvelle-Orléans (Eta Louisiane) ki inonde a katreven pou san e kote plizyè dizèn milye sitwayen, pi fò nan yo, bloke san manje, san d'lo e san materyèl medikal. Rezidan yo pa vire lang nan bouch yo pou kritike fason responsab yo reyaji devan youn nan pi move katastwòf natirèl ki frape nasyon amerikèn nan.

Yon nonm: Ou ka ale Irak avèk gwo elikoptè e al ede moun la ba-a. Men ou pa ka fè menmman parèyman pou nou isit la. Adye, msye Bush ou kapab fè mye ke sa.

Yon Dam:Manman m' gen 83 zan. Li fè kè e l' bezwen medikaman prese-prese. Pa genyen sèvis medikal isit la. Men li kouche atè a la a prèt pou l' mouri.

Msye Bush deklare reyaksyon reponsab sekou yo nan Nouvelle-Orléans devan dezàs la "pa akseptab", men li pwomèt plis èd nan wout.

"Mwen vle bay tout moun nan rejyon sinistre yo ak popilasyon peyi sa a asirans ke nou pral deplwaye tout ekipman nesesè pou n' mete situasyon an sou kontwòl... ke n' pral pote asistans bay moun sinistre yo e ke n' koumanse fè preparasyon pou n' ede pandan lontan moun deplase yo e ede rebati kominote siklòn nan frape yo. Deklarasyon Prezidan George W. Bush. Nan Washington D.C, Gwoup palmantè nwa ki rele Black Caucus la konvoke yon konferans pou lapress pou kritike e denonse operasyon sekou gouvènman federal la.

Vandredi 2 septanm nan Kongrè ameriken an vote yon plan 10 milya 500 milyon dola asistans prese-prese pou ede viktim siklòn Katrina yo.

Antretan, plizyè milye sinistre otorite yo evakue sou vil Houston, Eta Texas, rive nan stad Astrodome nan.

Jounalis Jonas Alouidor ap dekri situasyon yo sou lyen ki anlè atik sa a.

XS
SM
MD
LG