Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 9/2/05


Football/ Koup du monde

Tablo eprèv kalifikasyon pou Koup Di mond foutbòl 2006-la, ki pral dewoule nan peyi Almay, pral koumanse vinn pi klè avèk 46 match ki fikse pou jou kap vini-yo. Genyen 22 match ki fikse pou grenn demen samdi-a. Itali (3 fwa chanpyon di mond)kapab kalifye nan gwoup 5-lan, si li ranpòte yon viktwa demen nan Ekòss ak mèkredi nan Belarus. Ukrèn kapab kalifye tou pou la premyè fwa pou konpetisyon mondyal la si’l rive kale Georgie, demen.

Match Ukrèn-Jeorgie-a pral dewoule nan yon stad vid akòz move konpòtman fanatik yo pandan 2 premye match eliminasyon ki te jwe nan Tbilisi yo. Ansyen Chanpyon du mond e chanpyòn ewopeyenne La France klase an 4 trièm, pozisyon nan gwoup li-a e ta dwe kalifye pou mondyal-la, paske advèsè li-yo se Zile Faroe ak Ireland( 2 rival pluzoumwen fasil, Ireland lidè gwoup sa-a avèk 13 pwen. Angletè kapab ranmase jiska 6 pwen nan match li pral jwe demen kont peyi de Galles la ak Ireland Du Nò mèkredi kap vini an. Angletè genyen 2 pwen an mwens lidè gwoup li-an, an palan de Lapolòy ki genyen 6 pwen; Men Poloy genyen yon match an plis Angletè. Poloy dwe woule balon ak Otrich demen e Mèkredi ak peyi de Galles La Olande genyen yon pwen devan Repiblik Tcheki nan gwoup 1-an (22 kont 21). Oland ap jwe ak Armeni (lakay Armenie), e Tcheki va tope kònn-li ak Roumani nan vil Bukarest.

Espay, pa gen match ki fikse pou-li demen samdi-a; men fòmasyon Serbi ak Montenegro, kapab pran tèt gwoup 7-la, devan Lespay si li kale Lithuani demen. Serbi e Montenegro ap jwe ak Espay nan vil Madrid. Lidè Gwoup 8 la, Kwasi pral jwe kont Island e La Suede ki 2 zyèm nan gwoup sa a va jwe kont Bulgari.

Sou kontinan Afriken an eliminatwa koup dAfrik dè nasyon an ap dewoule weekend sa a. Tout 5 group yo ap sou teren an. Nan KONKAKAF la balon pral woule tou kote nou kapab konnen premye kalifye pou rejyon an ki kapab swa Etazuni ou byen Meksik kap rankontre nan Kolonbus, Ohio. Nan lòt rankont Trinidad and Tobago ap akeyi Gwatemala epi Kosta Rika pral fè yon kout pye lakay Panama. Selesyon Feminen Kanada a tonbe devan Almay 3 a 1 nan premye sou yon total 2 match amikal kap jwe ant 2 ekip yo.

Basketball Etazuni toupizi Urugwe 91 a 77 nan kad eliminatwa koup du mond chanpyona mondyal basketball kap dewoule nan Santo Domingo an Republik Dominikèn pou zòn Amerik yo. Nan lòt rankont ki jwe nan kar de final la Porto Riko tonbe devan Panama 74 a 55 pandan ke Arjantin ranpòte yon viktwa tou mens devan Venezuela 78 a 60. Etazuni ap rankontre jodi a ak Porto Riko. 4 premye yo ap kalifye pou chanpyona du mond basketball kap dewoule ane pwochè n.

Cyclisme

Siklis Olandè Max Van Heeswijk ranpòte 7 tièm etap kous bisiklèt Tour dEspay la pandan ke espayòl Roberto Heras toujou nan tèt klasman jeneral la ak 12 sekond devan Rus Denis Menchov ak espayòl Carlos Sastre.

XS
SM
MD
LG