Prezidan George W. Bush pran lapawòl jedi apre midi nan kapital federal amerikèn nan, Washington, D.C, kote li retounen apre l' deside koupe vakans li nan Eta Tekzas pou l' ka vinn prezante senpati li bay viktim siklòn Katrina yo e anonse aksyon gouvènman federal la ansanm ak ajans Dezas ak Sekou Etazini an (FEMA) pran e pral pran pou ede Eta ameriken ak moun sinistre sou kòt sidès ameriken an. Nou ka koute devlopman sa a ak kondoleyans nasyon azyatik yo voye bay prezidan Bush ak pèp ameriken an.
Nou kapab koute tou avèk Marie-Luce Pierre, Jacquelin Bélizaire et avèk korespondan nou yo prensipal nouvèl ki make aktyalite a nan peyi Dayiti pou jounen premye septanm 2005 lan. Senpleman, fè yon klik sou ralonj ki anlè atik sa a.