Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 09/01/05


Tennis

Ameriken Serena Williams pran angajman pou l bay 100 dola pou chak manman penba premye kout rakèt ki make pwen li fè pandan yon tounwa tenis juskan fen ane a. Ameriken Andre Agassi ak Lindsay Davenport nan sant aktyalite tounwa tenis US Open nan kap dewoule nan Flushing Meadow nan New York. Agassi ap rankontre ak Kwat Ivo Karlovic pandan ke Danvenport pral mate balon fas a franse Pauline Parmentier. Nan lòt rankont arjanten Guillermo Coria ap rankontre ak ameriken Vince Spadea. Mariano Puerta pral bougante rakèt ak Stanislas Wawrinka. Richard Gasquet fas ak Italyen Giorgio Galimberti san bliye Thomas Johansson fas ak Sebastien Grosjean.

Bò kote medam yo Amelie Mauresmo kont Sesil Karatantcheva. Elena Dementieva fas ak Mariana Diaz-Olivia epi Justine Henin-Hardenne kont Maria Sanchez Lorenzo. Yè swa Rus Maria Sharapova kalifye pou pwochen tou tounwa apre 48 minit pou l debarase l de Malgach Dally Randiantefy 6-1, 6-0. lòt meda m ki ranpòte la viktwa se bèlj Kim Clijsters, Fabiola Zuluaga, Nicole Vaidisova, Marion Bartoli, sè Williams yo. Bò kote mesye yo Ostralyen Lleyton Hewitt te bezwen 3 manch pou l kale Albert Costa 6-1, 6-2, 6-1. David Ferrer te bezwen 4 manch pou l kale arjanten Agustin Calleri 4-6, 6-4, 6-7, 6-1. Dominik Hrbaty, Taylor Dent, Michael Lammer ak Karol Kuchera kalifye pou pwochen tou a.

Football

DC United danse sou Real Salt Lake ak yon rakle 5 a 1 yè swa isit Washington. Viktwa ki pèmèt San Jose Earthquake kalifye pou faz final la. Seleksyon football maskulen ameriken an ap rankontre ak Meksik nan kad 7 tièm jounen eliminatwa koup du mond Almay 2006 la. Nenpòt pami seleksyon ki ranpòte rankont sa a ap kalifye pou reprezante zòn Konkakaf la. Rankont la ap jwe nan Kolonbus Ohio Samdi. Antrenè seleksyon an Bruce Arena konvoke 16 jwè kap evolye nan chanpyona premyè divizyon ameriken an. 10 lòt yo ap jwe sou kontinan Europeyen an.

Klike sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou koute repòtaj espesyal la.

Toujou nan football footballè brezilyen Ronaldinho pwolonje kontra l ak FC Barselòn juskan 2010. Ronaldinho te transfere nan Barselòn an lan 2003 soti nan klub franse Paris Sen Jermen. Real Madrid an gen sèvis Sergio Ramos ki tap jwe nan FC Seville.

Basketball

Chanpyon basketbal je zolenpik yo arjantin danse sou Etazuni 84 a 67 nan kad match kalifikatif koup du mond zò n Amerik yo kap dewoule an Republik Dominikèn.

Connecticut Sun tronse Detroit Shock nan kad faz final chanpyona basketball feminen ameriken an. 2 ekip yo ap rankontre demen Vandredi a nan 2 zièm seri 3 match fòma a. CN-001 NBA YAO MING Basketè chinwa Yao Ming dakoè pou-l pwolonje kontra l pou yon lòt 5 kan ak Houston Rockets--yon kontra ki vo plis pase 75 milyon dola. Sa vle di Yao Ming ap kontinye jwe nan Houston juskan 2011.

Sport /Ouragan Katrina

Federasyon spòtif ameriken yo ap mete tèt ansanm pou asiste viktim siklòn Katrina fè nan Louizyan, Mississippi ak Alabama.

Atletisme

Franse Ladji Doucoure, chanpyon du mond 2 fwa nan 110 mèt Hè ak relè 4 par 100 mèt, Christine Arron ak Ronald Pognon ap patisipe nan konpetisyon Atletis ki gen pou dewoule an Almay--6 zièm e dènye konpetisyon kous atletism Golden League la.

Federasyon Atletis entènasyonal la pote presizyon sou modalite refòm konpetisyon atletis mondyal pou sezon 2006 la. Responsab yo di yap redui konpetisyon an soti 40 pou mete l a 25 an 2 nivo olye de 4. Dapre responsab yo premye nivo a ap gen ladann yon douzè n konpetisyon Gran Pri--6 nan konpetisyon an ap fè pati Golden Lig la. Final la ap dewoule an Almay 9 e 10 Septanb 2006 an Almay, a Stuggart ak Monaco.

XS
SM
MD
LG