Accessibility links

Breaking News

Pou Yon Bon Gouvènans Elektwonik ann Ayiti


Jodi a n'ap tanmen yon ti seri repòtaj sou gouvènan elektwonik ak jan li kapab ede Ayiti. Dabò an nou reponn moun ki ta renmen konnen sa mo sa yo (gouvènans elektwonik) vle di. Lè nou tande "gouvènans" pinga nou prese di "gouvènman." Nan jagon ekonomis yo, mo gouvènans la vle di jestyon, administrasyon. Se yon mòd òganizasyon yo kapab aplike sou yon peyi, yon lide, yon antrepriz, elt.

Nan domèn enfòmatik, yo pale de "gouvènans elektwonik" oubyen pafwa de e-government (nan lang Angle). Se itilizasyon nouvo teknoloji, prensipalman Entènèt (Internet) pou ofri yon pi bon sèvis bay sitwayen yo e, anmenmtan, fè yon pi bon jestyon leta, san koripsyon.

Premye segman sa a chita sou enterè leta ayisyen genyen ak sa l'dwe fè pou aplike gouvènans elektwonik la. Jn-Pierre Leroy, korespondan nou nan Pòtoprens, te rankontre yon jenn espesyalis ki rele Giverson Vernou. Klike sou ralonj anlè paj la pou w ka tande li.

XS
SM
MD
LG