Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/29/05


Football

Klub football franse F.C Nantes siyen yon kontra 3 zan ak defansè ayisyen Jean Jacques Pierre ki te konn jwe nan klub football Urugweyen Penarol de Montevideo. Pierre Jean Jacques, ki jwe plis pase 40 match nan seleksyon nasyonal ayisyen an, ap pote mayo numewo 5 lan nan defans ekip Nante la. Msye tap jwe nan Penarol depi Janvye 2004. Montan transfè a estime a plis pase 1 milyon dola--40 pou 100 klub Urugweyen an 20 pou 100 pou Cavali de Leogane rès la pou msye separe ak lòt sektè ki te mele nan negosyasyon an. An Angletè Chelsea danse sou Tottenham 2 a 0 nan kad 4 trièm jounen chanpyona premyè divizyon Angle a

COLLINA Demissione

Abit Italyen de renonmen entènasyonal Pierluigi Collina anonse demisyonn kòm abit football Italyen. Sa pa gen lontan Collina te siyen yon kontra ak fabrikan otomobil Opel ki se antrepriz ki patwone klub football Italyen Milan AC. Federasyon Football Italyen an te mande Collina pou l anule kontra a akoz konfli enterè ou byen demisyone. Nan yon konferans de Près Pierluigi Collina rekonèt se te yon erè le fè ke li te aksepte andose konpayi otomobil la men erè a ap mete fen nan 28 tan karyè l kòm abit.

20 jwè seleksyon franse ki konvoke nan kad match kalifikatif koup du mond kont Ile Feroe yo Samdi 7 Septanb nan antre an konsantrasyon jodi a.

Unyon Football Europeyen an fè konnen klub espayòl Deportivo La Coròy poko depoze oken plent kontra ak deklarasyon yo te fè Jedi. Responsab klub espayòl la te anonse yo pral pote plent sou ensidan ki te pase pandan rankont la apre rakle 5 a 1 yo te pran nan men klub franse Olenpik de Marseille. An Angletè Chelsea danse sou Tottenham 2 a 0 nan kad 4 trièm jounen chanpyona premyè divizyon Angle a.

HAITI / JUDO

Federasyon Judo ayisyen an sot òganize yon konpetisyon pou judoka kategori juniò nan kad seleksyon yap mete sou pye ki pral patisipe nan chanpyona du mond Judo kap dewoule an Republik Dominikèn ane pwochè n. Ernst Laraque Senior, prezidan Federasyon an di nou li satisfè ak rezulta a.

Klike sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou tande Ernst Laraque

PAN AM Games

Òganizatè Je Panameriken 2007 yo ajoute 5 lòt disiplin spotif nan je yo ki gen pou dewoule nan Rio de Janeiro O Brezil. Disiplin sa yo se Football an sal, Bowling, Skii sou dlo, Patinaj atistik, Karate--disiplin ki vinn ajoute 250 atlèt an plis sou lis la. Chak nouvo federasyon dakò pou peye frè vwayaj pou nouvo atlèt yo e non pa komite ògainzatè a. Nouvo disiplin sa yo vinn ajoute sou 27 lòt disiplin ki deja nan kalandriye Je Panameriken yo ak Je zolenpik Peken yo an lan 2008.

Tennis

Tounwa tenis US Open ann ap demare jodi a nan Flushing Meadow ak Rus Maria Sharapova ansanm ak adolesan espayòl Rafael Nadal kap nan sant aktyalite. Nadal ap rankontre ak ameriken Bobby Renolds. Rus Marat Safin pap patisipe nan konpetisyon an akoz yon blesu nan jenou. Bjorn Phau, ki ranplase Rus ki pral rankontre ak alman Alexander Popp.

Sè Williams yo ap jwe sou teren an tou. Serena Williams ap rankontre ak Taiwanè Chang Yung-jan pandan ke Venus pral mate balon fas a Japonè Rika Fujiwara. Bèlj Kim Clisjters ap rankontre ak alman Martina Muller. Arjanten Guillermo Coria ak Gaston Gaudio ap jwe nan kou santral la. Maria Sharapova pral mate balon fas a Grèk Eleni Deniilidou. Ameriken Andre Agassi pral boukante rakèt ak Woumen Razvan Sabau.

Ameriken Lindsay Davenport ranpòte tounwa tenis New Haven Connecticut gras ak 2 kout rakèt li pase franse Amelie Mauresmo 6-4, 6-4. Viktwa kap pèmèt Davenport reprann numewo 1 tenis mondyal feminen an. Davenport ap reprann kontwòl numewo 1 mondyal feminen an. Tchèk Lucie Safarova kale Endyen Sania Mirza pou l ranpòte tounwa tenis feminen Forest Hills la ki tap dewoule nan New York. Manmzèl te bezwen 3 manch pou l ranpòte konpetisyon an 3-6, 7-5, 6-4.

Òganizatè tounwa tenis dè Mèt yo nan Shanghai anonse numewo 1 tenis mondyal maskulen Swis Roger Federer ap patisipe nan tounwa a kap kòmanse 3 Oktòb. Stad 15 mil plas la ap akeyi tounwa dè mèt yo soti 13 pou rive 20 Novanm. Sezon ATP a ap fini ak 8 meyè jwè tenis maskulen senp ak doub.

Cyclisme

Siklis Italyen Leonardo Bertagnolli ranpòte 2 zièm etap kous bisiklèt Tour dEspay la men Ostralyen Bradley McGee konsève tèt klasman jeneral la. Konpetisyon an ap fini 18 SEptanb nan vil Madrid.

Chanpyon du mond 6 fwa nan kous motosiklèt Italyen Valentino Rossi te nan tèt motosiklis Italyen ki ranpòte konpetisyon Gran Prix Tchèk la. Msye ranpòte mayòl la devan konpatriòt li Loris Capirossi ak Max Baggi.

Basketball

Seleksyon basketball Brezilyen an anbarase Kanada ak yon swif 105 a 81 nan tounwa eliminwa koup du mond kap dewoule nan Santo Domingo, Republik Dominikèn. Defèt ki elimine Kanada nan konpetisyon an akoz yon dènye nan group A a. 4 premye nan group yo ap kalifye pou kar de final la. Venezuela wouze Panama 71 a 70 pou l amelyore rekò l ak 3 viktwa yon defèt.

Nan group B a Arjantin woule Republik Dominikè n 84 a 60 pandan Porto Riko danse sou Meksik 94 a 74. Seleksyon basketball maskulen ameriken an subi 2 zièm defèt li nan eliminatwa. Etazuni tonbe devan Venezuela 71 a 70. Kanada te kale ameriken yo Vandredi 92 a 76. Republik Dominikèn ranpòte 3 zièm viktwa afile l nan konpetisyon an apre yo kale Porto Riko 89 a 86. 10 peyi ki soti nan Amerik yo ap patisipe nan konpetisyon an. 4 Premye yo ap kalifye pou chanpyona du mond basketball kap dewoule O Japon ane pwochè n.

Toujou nan Basket la Frans ap prepare l pou tounwa basketbal Istnbul la demen Madi nan kad preparatif pou tounwa Basketball Euro 2005 ki gen pou dewoule nan Serbi-Montenegro soti 16 pou rive le 25 Septanb. La Grès ranpòte tounwa supercoup Basketball la gras ak yon swif li pase Almay 66 a 57. Grèk yo, ki ranpòte tout 3 rankont yo jwe nan Superkoup la, se youn nan advèsè la Frans gen pou rankontre nan tounwa Eropeyen. Nan Atletism Chanpyon du mond heptalon Swedwa Carolina Kluft endisponib pou 3 mwa apre li blese nan kwis. Carolina Klut pat fini nan konpetisyon atletis li tap patisipe nan Gotegorg ant la Grès ak Findland.

XS
SM
MD
LG