Legliz Sakre-Kè Pòtoprens la nan aktyalite a depi kòmansman mwa Jen 2005 akòz divès kalte aktivite ki sou pye pou make santan egzistans kongregasyon katolik sila a. Kimoun pa pase nan kapital ayisyèn nan e ki pa konnen lokal sa a? Ou ankò ki moun ki pat tande evènman tradik ki dewoule la, tankou asasina Antoine Izméry, òm dafè e senpatizan Lavalas nan kòmansman ane 90 yo?
Sakre-Kè gen santan, e responsab yo pa vle kite evènman an pase sou silans. Pè André Pierre, kire pawas la, te koze ak Fred Williams sa pa gen lontan, nan studio Lavwadlamerik. Pou w ka koute li, fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a. Epi nou ka deja di ou ke Pè André va pale nou davantaj sou selebrasyon santan legliz sa a, nan yon lòt segman Paj Relijyon Vwadlamerik la. Isi Chérubin Dorcil.