Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/23/05


Olympics 2012

Komite Olenpik entènasyonal la non-men Denis Oswald nan tèt ekip 15 manb kap supèvize preparasyon pou je zolenpik dété yo an lan 2012 nan vil Lond.

Football

Antrenè seleksyon nasyonal Kore du Sud la Jo Bonfrere demisyone nan tèt seleksyon an apre li finn ede Koreyen yo klase pou faz final koup du mond Almay 2006 la. Federasyon an anonse lap non-men yon nouvo antrenè disi Septanm. Voleyball Japon 2006 Kuba ak Kanada kalifye pou pwochen chanpyona du mond volebòl ki gen pou dewoule o Japon ane pwochèn

Tennis

Jwè tenis Rus Maria Sharapova se nouvo numewo 1 tenis mondyal feminen dapre klasman ki publiye yè Lendi a. Sharapova ki gen 18 tan, ranplase ameriken Lindsay Davenport.

Bò kote mesye yo Swis Roger Federer kore pozisyonn kòm numewo 1 mondyal ak yon maj plis pase 2 mil pwen devan adolesan espayòl Rafael Nadal, apre li finn ranpòte tounwa tenis dè mèt yo ki sot dewoule nan Cincinati Ohio.

Jwè tenis Rus yo domine tounwa tenis Pilot Pen nan kap dewoule nan Connecticut. Rus Anna Chakvetadze supran Jelena Jankovic ak yon viktwa 6-3, 3-6, 6-2. Vera Douchevina, Maria Kirilenko ak Elena Likhovtseva ranpòte la viktwa.

Cyclisme

Jounal spòtif franse lekip fè konnen siklis amerken Lance Armstrong te konsome dròg an 1999-premye fwa li te ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la. Ajans nouvèl Frans Press site deklarasyon Doktè Jacques Ceaurriz ki konfimen li te jwen substance EPO nan urin siklis la ki figure sou lis pwodui entèdi yo. Armstrong pa janm sispann demanti nouvèl la ke li kalifye kòm pèsekusyon--kòm jounalis ki renmen zen. Prezidan Ajans Anti Dopaj Mondyal la Kanadyen Dick Pound mande Armstrong pou l fè eklèsisman sou akuzasyon jounal franse Lekip publiye a.

Siklis Italyen Daniele Bennati ranpòte dènye etap kous bisiklèt Tour dAlmay la men Ameriken Levi Leipheimer ranpòte tit konpetisyon an. Leipheimer kouvri distans 1520 kilomèt la an 37 tè--24 minit--35 sekond devan alman Jan Ullrich.

Basketball

Ansyen vedèt basketball Chikago Bulls Dennis Rodman siyen yon kontra yon jou pou l jwe yon match basketball pou klub Findlandè Torpan Pojat le 6 Novanm. Nouvèl yo pa di konbyen lajan yap peye Rodman pou grenn match la.

XS
SM
MD
LG