Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/18/05


Atletisme

Chanpyona atletis Golden League pral dewoule nan vil Zurig an Swis ak kous 100 mèt la nan sant aktyalite a. Ameriken Justin Gatlin ki sot fè dekabès nan kous 100 mèt ak 200 mèt chanpyona du mond Atletis mondyal pral gen kòm advèsè konpatriòt li Maurice Greene, Jamayiken Michael Frater. Kim Collins ki soti nan Sen Kitts and Navis. Detantè rekò du mond 100 mèt la Jamayiken Asafa Powell pap patisipe nan konpetisyon an akoz yon dechirur-gen chinwa Liu Xiang nan kous 110 mèt Hè a. Ameriken Jeremy Wariner nan kous 400 mèt la san bliye kourè Etyopyen Kenenisa Bekele nan kous 3 mil mèt la Bò kote meda m yo franse Christine Aaron nan kous 200 mèt de fon an. Trofe an ò a pral jwen tout atlèt ki ranpòte disiplin yo pratike a nan 6 konpetisyon Golden Lig la kouvri plus final la kap dewoule nan Monaco an Septanb. Konpetisyon Zurik la konsidere kòm 4 trièm konpetisyon ki dewoule nan kalandriye a apre Brusèl, Beljik ak Almay.

Jeux Universitaires

Seleksyon nasyonal basketbal ayisyen an kale Brezil 98 a 94 nan kad je univèsite mondyal yo kap dewoule an Turki.

Eliminatwa Koup du Mond

Etazuni ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Trinidad and Tobago nan kad 2 zièm tou ekzagonal final eliminatwa koup du mond pou zòn KONKAKAF la. Brian Mcbride make bout gòl la pou ekip tonton Sam nan kèk minit apre premye mitan an te kòmanse. Nan lòt rankont Panama tonbe devan Gwatemala 2 a 1 apre yo tap men-nen 1 a 0 nan premye mitan an. Meksik suprann Kosta Rika ak yon viktwa 2 a 0. Pwochen rande vou 3 Septanb.

Letoni fè match nul 1 a 1 ak la Rusi nan group 3 zòn Europeyen an pandan ke Leichtenstein fè match nul 0 a 0 ak Slovaki. Finland danse sou Masedwan 3 a 0. Chipr pat bay Il Faroe yo tan pou respire ak yon rakle 3 a 0. Kazakstan fè bèk atè devan Jòrji . Woumani ranpòte yon viktwa domisil fas ak Andore 2 a 0.

Danmak danse sou Angletè 4 a 1 nan okazyon yon match amikal entènasyonal ki jwe nan Koppenhag. La Frans geri bosko l sou Kot Divwa 3 a 0. Zinedine Zidane make youn nan gòl yo pou franse. Nan Rotterda m La Oland fè match nul ak Almay 2 a 2. Otrich fè match nul 2 a 2 ak Ekòs. Brezil fè match nul 1 a 1 ak Kwasi. La Swèd kale Republik Tchèk 2 a 1. Itali kale Irland 2 a 1. Ongri tonbe devan Arjantin 2 a 1. Bèljik fè bèk atè devan chanpyon Europeyen an 2 a 0. Bulgari pilon-nen Turki 3 a 1. Letoni te fè anpil efò avan li kale Bosni Erzegovinn 1 a 0. Nan Kieèv Ukrèn ranpòte yon viktwa devan Sèvi ak Montenegro 2 a 1. La Norvèj fè bèk atè devan la Swis 2 a 0. Albani woule Azerbaojan 2 a 1 epi peyi dè gal fè match nul 0 a 0 ak Sloveni.

Tennis

Chanpyon sòtan tounwa tenis Toronto a franse Amelie Mauresmo ap rankontre ak espayòl Conchita Martinez pandan ke Bèlj Kim Clijsters pral mate balon fas a Ana Ivanovic nan okazyon 3 zièm tou konpetisyon an.. Nan lòt rankontre Rus Svetlana Kuznetsova ap rankontre ak Arjantin Gisela Dulko epi Rus Anastasia Myskina pral boukante kout rakèt ak Japonè Shinobu Asagoe.

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer te mete tout konesans li deyò pou l evite fè malèt li nan tounwa tenis dè mèt yo kap dewoule nan Cincinnati Ohio. Federer finalman ranpòte rankont la devan Nicolas Kiefer 4-6, 6-4, 6-4 pou l al rankontre ak Bèlj Olivier Dechus ki te bezwen 2 manch pou l debarase l de franse Fabrice Santoro 6-4, 7-6. Malerezman arjanten Guillermo Coria tonbe devan Peruvyen Luis Horna 6-4, 6-4. Chilyen Fernando Gonzalez te bezwen 3 manch pou l kale Arjanten David Nalbadian 3-6, 6-1, 6-2.

Vedèt tenis ameriken Serena Williams abandone tounwa tenis Rogers la kap dewoule nan Toronto akoz yon pwoblèm li gen nan jenou. Tounwa sa yo antre nan kad tounwa chofe jarèt kap fèt avan dewoulman tounwa tenis US Open nan--dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a kap kòmanse 29 Out.

Jeux Olympics

Reprezantan Komite Olenpik Entènasyonal la di yo enpresyone ak fason komite òganizatè je zolenpik Peken 2008 yo ap prepare je yo. Delegasyon an vizite enstalasyon spòtif yo, sant de près pou jounalis yo malgre yo pa di anyen sou restriksyon yo mete sou la près.

Kliké sou ralonj ki sou tèt atik la pou tande Dosye Spò

XS
SM
MD
LG