Accessibility links

Breaking News

Lidè Fòmasyon Politik Ayisyen yo Reyaji ak Moderasyon E ak Endiyasyon Sou Dènye Deklarasyon Anbasadè Foley yo


Anbasadè ameriken James B. Foley, kap kite pòs anvan lontan nan peyi Dayiti, pwovoke reyaksyon depaman kay lidè politik ayisyen yo apre'l te mete yo an gàd kont tout itilizasyon lajan dwòg nan kanpay elektoral la. Msye Foley te ajoute peyi li--Lèzetazini--pa pral bay okenn gouvènman ki monte sou pouvwa avèk lajan sal asistans.

Himler Rébu, lidè Pati GREH (Grand Rassemblement Pour l'Evolution d'Haïti) twouve deklarasyon diplomat la "deplase" tandiske Evans Paul, Sekretè-Jeneral Konfederasyon Inite Demokratik la (KID) kwè deklarasyon sa a ta dwe "souke ògèy ayisyen" pou yo jere peyi yo yon fason transparan.

Koute sou lyen anlè atik la Jean-Pierre Leroy nan Enfòmasyon An Gwo Plan.

XS
SM
MD
LG