Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Gérard Latortue Kite Ayiti Mèkredi Apre Midi Pou Miami, Eta Florid


Chèf gouvènman pwovizwa ayisyen an, Gérard Latortue, pran avyon mèkredi 17 dawout 2005 lan pou vil Miami, Eta Florid, kote li dwe al sibi yon operasyon medikal nan jenou.

Premye minis Latortue, ki pa presize ki kalte operasyon li pral sibi, di li pa pral fè twò lontan deyò e l' pral kontinye okipe zafè peyi a, an patikilye dosye eleksyon an, pandan sejou lap fè nan Florid la. Lidè ayisyen an fè deklarasyon sa a nan mikwo korespondan nou, Rotchild François jr.

XS
SM
MD
LG