Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/15/05 mid


Etazuni fè koukouwouj nan chanpyona mondyal atletis ki tap dewoule nan Helsinki Findland. Seleksyon basketball Ayiti elimine nan je univèsite dété kap dewoule nan Izmir an Turki. Msye Da m bonswa mwen se Jean Robert Philippe ki pral fè yon kout je ak nou sou prensipal aktivite spòtif .

Etazuni konfime superiorite yo nan chanpyona mondyal atletis kap sot dewoule nan Helsinki an Findland. Ak yon total 14 meday dò ameriken yo konfime rekò yo te bat an chanpyona du mond Atletis ki te dewoule nan Stuttgart an 1993 kote yo te ranpòte yon total 13 meday dò. Ameriken yo konplete konpetisyon an ak yon total 25 meday. La Rusi klase 2 zièm ak 20 meday, Etyopi fini an 3 ziè,m pozisyon ak 9 meday. Kuba klase 4 trièm ak 6 meday. La Frans kontan le fè ke yo ranpòte 7 meday e yo fini an 6 zièm pozisyon. Ak yon meday dò Kenya pa renmèt anyen nan gad la--yon pèfòmans responsab yo konsidere kòm yon desepsyon.

Lansè de disk Endyen Neelam Jaswant Singh rejte ak yon kan men pawòl kap pale kò kwa li ta konsome yon stimulan ki rele pemoline nan okazyon chanpyona du mond Atletis ki sot dewoule nan Helsinki. Manmzèl di li konnen ki jan responsab yo fè jwen substans la nan urin li. Sing ki suspandu pwovizwaman depi Samdi, gen pou l konparèt devan yon komisyon disiplin.

Ameriken Andre Agassi, ki sot pèdu nan final tounwa tenis Montreal, pap patisipe nan tounwa tenis dè mèt Cincinnati a ki gen pou dewoule nan Ohio. Swis Roger Federer ki pa patisipe nan yon tounwa tenis depi li finn ranpòte tounwa tenis Wimbledon nan ap patisipe nan tounwa kap kòmanse jodi a

Asosyasyon football Angle a chanje katon wouj an katon jon abit Steve Bennett te bay Jenas Jermaine kap jwe nan Newcastle nan okazyon yon kròk an janb. Abit la nan yon premye tan te di Jenas tap fè bosal men imaj ki pase nan televizyon te sèlman touche Silva dèyè pye-Abit Steve prezante ekskuz li bay fanatik yo pandan li mande Asosyasyon Footbal Angle a pou chanje kat la an katon jon olye de katon wouj.Seleksyon basketball Univèsitè ayisyen an elimine nan chanpyona Univèsitè yo kap dewoule an Turki.

Ayiti tonbe devan Kore du Sud 97 a 72. Seleksyon an ap jwe yon match de konsolasyon demen Madi a fas a Emirat Arab Uni yo. Nan tenis toujou nan je univèsitè yo reprezantan Ayiti Joel Allen ak Gaeil Gaetjens elimine nan 2 zièm tou a. Joel Allen tonbe fas anba fas a Tchèk Martyn Schulhauser 6-3, 6-2 aloske Polonè Radoslav Nyjaky te fè yon sèl bouche ak Gael Gaetjens 6-4, 6-2. An doub ayisyen yo pase kap premye tou a fas a Il Vyèj Ameriken yo. Jodi a 2 ayisyen yo pral mate balon fas ak ekip doub Rus la. Se te yon korespondans jounalis ayisyen Erby Beralte kap kouvri je univèsitè yo kap dewoule an Turki.

Nan football an Angletè Chelsea chanpyon sòtan chanpyona Europeyen an ranpòte yon viktwa 1 a 0 nan okazyon premyè jounen chanpyona a. Fulham fè match nul 2 a 2 ak Bolton pandan ke Manchester United danse sou Everton 2 a 0. Mitan teren Olympic Lyonè Ganeyen Michael Essien transfere nan Chelsea pou plis pase 40 milyon dola ameriken. Essien kapab siyen yon kontra 5 kan ak Chelsea apre li finn pase yon seri de tès medikal.

An Frans Zinedine Zidane. Lilian Thuram, Patrick Veira, David Trezeguet rive nan Montpellier kote yo pral rejwen kòlèg yo nan seleksyon franse ki pral rankontre ak Kot Divwar 17 Out kap vini la a.

An Espay Real Madrid kale yon seleksyon Bulgar 3 a 1 nan okazyon yon amikal an lonè footballè Ongwa Ferenc Puskas. Ekip Madrilèn nan ap prepare l pou l patisipe nan chanpyona Espayòl la kap kòmanse 27 Out.

An Almay Bayèrn de Munik danse sou Leverkusen Samdi ak yon swif 5 a 2 nan okazyon 2 zièm jounen chanpyona a. Stuggart tonbe 3 a 2 devan Kolòy ki fèt monte an premyè divizyon. Nan basketball seleksyon feminen basketball franse ranpòte yon bèl viktwa 93 a 19 devan Letonie nan okazyon 2 zièm jounen tounwa basketball Hagondange la. Match sa a antre nan kad preparatif pou tounwa preliminè Euro 200 la kap dewoule an Turki soti 2 pou rive 11 Septanb.

Bèlj Kim Clijsters ranpòte tounwa tenis Morgan Chase la kap dewoule nan Karson an Kalifòni gras ak yon swif an 2 manch li pase Slovak Daniela Hantuchova 6-4, 6-1. Bò kote mesye yo adolesan espayòl Rafael Nadal kale ameriken Andre Agassi 6-4, 4-6, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Montreal la. Nan klasman mondyal la Swis Roger Federer toujou klase numewo 1 mondyal nan kalsman jeneral ki publiye jodi a. Adolesan Espayòl ki sot ranpòte tounwa tenis Montreal la klase 2 zièm devan ameriken Andy Roddick.

Siklis Alman Jan Ullrich pati favori pou ranpòte kous bisiklèt Tour Almay la ki kòmanse jodi a

Kore du Sud benyen Kore du Nò ak gòl 3 a 0 nan okazyon yon match amikal entènasyonal ki jwe an 2 peyi yo nan Sewoul. Sa fè 10 zièm fwa 2 peyi yo rankontre nan yon match football. Sud Koreyen yo ranpòte 6--yo fè 3 nul epi Kore du Nò ranpòte yon viktwa. Isit Ozetazuni D-C United wouze Chivas USA ak gòl 3 a 0 Samdi isit Washington nan chanpyona nasyonal balonwon ameriken an.

Ostrali ranpòte kwadrangulè inogural koup Gaze ki tap dewoule nan Sidne gras ak yon swif yo pase la Chin 88 a 58. Ostralyen yo ranpòte 4 viktwa -0 defèt. Viktwa pare Ostralyen yo pou yal jwe yon seri match ak Nouvel Zeland Mèkredi kap vini la a.

XS
SM
MD
LG