Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/15/05


Jeux Universitaires

Seleksyon basketball Univèsitè ayisyen an elimine nan chanpyona Univèsitè yo kap dewoule an Turki. Ayiti tonbe devan Kore du Sud 97 a 72. Seleksyon an ap jwe yon match de konsolasyon demen Madi a fas a Emirat Arab Uni yo. Nan tenis toujou nan je univèsitè yo reprezantan Ayiti Joel Allen ak Gaeil Gaetjens elimine nan 2 zièm tou a. Joel Allen tonbe fas anba fas a Tchèk Martyn Schulhauser 6-3, 6-2 aloske Polonè Radoslav Nyjaky te fè yon sèl bouche ak Gael Gaetjens 6-4, 6-2. An doub ayisyen yo pase kap premye tou a fas a Il Vyèj Ameriken yo. Jodi a 2 ayisyen yo pral mate balon fas ak ekip doub Rus la. Se te yon korespondans jounalis ayisyen Erby Beralte kap kouvri je univèsitè yo kap dewoule an Turki.

Atletisme

Etazuni ranpòte yon total 14 meday nan chanpyona mondyal atletis kap dewoule nan Helsinki Findland. Ameriken yo ranpòte kous 4 par 400 mèt relè devan Bahamas ak Jamayik. Paula Radcliffe ranpòte maraton feminen an pou la premyè fwa devan Kenyan Catherine Ndereba ak Woumen Constantina Tomescu. Kubèn Osleidy Menendez ranpòte lans javelo a.

Nan tablo meday yo Etazuni ranmase yon total 25 meday pami yo 14 an ò. La Rusi klase 2 zièm ak yon total 20 pami yo 7 an ò epi Etyopi klase 3 ziém ak 9 meday pami yo 3 an ò.

Tennis

Bèlj Kim Clijsters ranpòte tounwa tenis Morgan Chase la kap dewoule nan Karson an Kalifòni gras ak yon swif an 2 manch li pase Slovak Daniela Hantuchova 6-4, 6-1. Bò kote mesye yo adolesan espayòl Rafael Nadal kale ameriken Andre Agassi 6-4, 4-6, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Montreal la.

Football

Kore du Sud benyen Kore du Nò ak gòl 3 a 0 nan okazyon yon match amikal entènasyonal ki jwe an 2 peyi yo nan Sewoul. Sa fè 10 zièm fwa 2 peyi yo rankontre nan yon match football. Sud Koreyen yo ranpòte 6--yo fè 3 nul epi Kore du Nò ranpòte yon viktwa. Isit Ozetazuni D-C United wouze Chivas USA ak gòl 3 a 0 Samdi isit Washington nan chanpyona nasyonal balonwon ameriken an.

Basketball

Ostrali ranpòte kwadrangulè inogural koup Gaze ki tap dewoule nan Sidne gras ak yon swif yo pase la Chin 88 a 58. Ostralyen yo ranpòte 4 viktwa -0 defèt. Viktwa pare Ostralyen yo pou yal jwe yon seri match ak Nouvel Zeland Mèkredi kap vini la a.

XS
SM
MD
LG