Accessibility links

Breaking News

Gwoup Dwa Moun ann Ayiti Kritike Liberasyon Louis Jodel Chamblain


Defansè dwa moun nan peyi d Ayiti kritike liberasyon ansyen No. 2 FRAPH la, e youn nan lidè rebelyon anti-Aristide la, Louis Jodel Chamblain.

Pandansetan, reprezantan gouvènman Bush la, Anbasadè James B. Foley, choute fò sou otorite lajistis yo poutèt yo kenbe nan prizon ansyen Premye Minis Yvon Neptune tandiske yo mete Chamblain an libète.

Gen bri k'ap kouri kòm kwa otorite yo ta va ap pare pou yo lage Neptune e liberasyon Chamblain an ta antre nan demach sila a.

Korespondan nou Rotchild François, Jr. gen detay nouvèl sa a e li reponn kesyon Chérubin Dorcil sou dosye eleksyon an, vwayaj Premye Minis Gérard Latortue mèkredi k'ap vini an (pou rezon medikal), ak pwoblèm kidnapping nan ki te nan aktyalite a ankò semèn pase a.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w'ka tande Rotchild.

XS
SM
MD
LG