Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Palmantè Ameriken Ekri Prezidan Bush Pou Mande l' Ede Jwenn Liberasyon Pè Gérard Jean-Juste


Yon gwoup palmantè ameriken-pami yo depite Eta Kaliforni, Maxine Waters-ekri prezidan George W. Bush ak sekretè d’Eta ameriken-an, Condoleezza Rice, pou mande yo entèvni pou jwenn liberasyon pè Gérard Jean-Juste (yon pè katolik alye ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide) ki nan prizon depi apeprè 4 semèn. Nan lèt sa-a, depite Maxine Waters avèk 28 kòlèg li ki siyen dokiman an di msye Bush yo gen gwo kè sote devan sa yo rele “anprizonman enjis msye Jean-Juste” nan peyi Dayiti. Yo kalifye pè Jean-Juste kòm yon militan lapè, yon militan dwazimen ki gen kouraj e ki toujou denonse tout fòm vyolans.

Responsab ayisyen yo te arete pè Jean-Juste 21 jiyè 2005 lan apre yon gwoup moun move kou kong te atake e frape l' nan legliz Sen-Pyè (Petyonvil) pandan li ta pral patisipe nan seremoni finèb jounalis ayisyen Jacques Roche bandi te kidnape e touye nan kapital ayisyen an, Pòtoprens.

Lapolis te fè konnen li oblije kenbe relijye a pou ankèt paske laklamè piblik akize l' nan asasinay msye Roche.

Palmantè ameriken yo voye kopi lèt sa a tou bay reprezantan espesyal Nasyonzini nan Ayiti a, Juan Gabriel Valdes, ak anbasadè Etazini nan repiblik karayibeyen an, James B. Foley.

(N.B: Ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide ap viv an’n ekzil nan peyi Afrik Du Sud)

Yon lòt kote, Òganizasyon Eta Ameriken, OEA, deklare satisfaksyon li ak “mouvman enskripsyon elektè yo nan peyi Dayiti, kote genyen deja 427 buwo enskripsyon ki louvri.

Sekretè-jeneral OEA a, José Miguel Insulza, di li satisfè e ankouraje devan kantite ayisyen ki kontinye ap enskri pou ale nan eleksyon nasyonal ki fikse pou vè fen ane 2005 lan. Msye Insulza ajoute:"avèk apeprè 1 milyon 300 mil moun ki enskri e ki pre pou resevwa kat elektoral yo “pèp ayisyen an demontre angajman djanm li pou’l patisipe nan eleksyon yo”. Nap siyale Òganizasyon Eta Ameriken ap bay Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an konkou teknik nan mouvman enskripsyon an.

XS
SM
MD
LG