Anbasadè ameriken an, James B. Foley, lanse yon prigàd bay kandida ki aksepte lajan dwòg pou finanse kanpay elektoral yo. Anbasadè Foley fè deklarasyon sa a pandan yon chita-koze ak jounalis yo vandredi 12 Out la nan kapital ayisyen an, Pòtoprens. Diplomat ameriken an te pale tou sou tou prizon ansyen premye minis gouvènman Lavalas la, Yvon Neptune, ki fèmen pou swadizan enplikasyon n' nan sa yo rele "masak" La Scirie a--yon zòn tou pre vil Sen-Mak, nan rejyon Atibonit la, kote plizyè santèn moun ta pèdi lavi yo pandan leve kanpe janvye-fevriye ane 2004 ki te debouche sou deboulonay prezidan Jean-Bertrand Aristide ak rejim Lavalas la sou pouvwa a.
Ale sou ralonj anlè atik la pou'n kote repòtaj Leroy a.