Atletisme
Kourè ameriken Justin Gatlin ranpòte kous 200 mèt la devan Wallace Spearmon ak John Capel. Ameriken Michel Perry ranpòte kous 100 mèt Hè a devan Jamayiken Delloreems Ennis London ak Brigitte Foster-Hylton. Ameriken Walter DAvis ranpòte triple so a. devan Kuben Yoandri Betanzos ak Women Marin Oprea. Rus Sergey Kirpdyapkin ranpòte mach 50 kilomèt la devan konpatriòt li Aleksey Voyevodin ak Italyen Alex Schwazer.
Nan tablo meday yo Etazuni gen 15 meday pami yo 9 lò. Etyopi ak la Swèd gen 2 meday dò yo chak.
Tennis
Rus Maria Sharapova kalifye pou 4 trièm tounwa tenis Morgan Chase kap dewoule nan Kalifòni gras ak yon viktwa an 3 manch li ranpöte devan konpatriòt li Anna Chakvetadze 4-6, 6-4, 7-5. Rus Nadia Petrova te 2 kout rakèt pou l kale Tchèk Klara Koukalova 6-2, 6-4. Rus Dinara Safina tonbe devan bèlj Kim Clijsters 6-0, 7-5.
Bò kote mesye yo Britanik Greg Rusedski kalifye pou kar de final tounwa tenis Montreal la apre li elimine Kwat Mario Ancic 6-2, 3-6, 6-2. Franse Paul-Henri Mathieu rive nan kar de final la apre li woule ak kout rakèt Bèlj Olivier Dechus 6-1, 6-2. Football Real Madrid ap rankontre ak seleksyon tout vedèt Hongwa nan Budapès pou rann omaj ak footbalè lejandè Hongwa Ferenc Puskas ki gen 79 van. Dapre nouvèl Puskas, ki te konn jwe nan fòmasyon Madrilèn nan nan ane 60 yo, poko konfimen lap asiste rankont la akoz lap soufri ak Alzheimer. Alman Lothar Mattaus, ki se aktyèl antrenè seleksyon Hongwa a, ap mete sou teren an pwobableman menm seleksyon ki pral rankontre ak Arjantin Mèkredi 17 Out nan yon match amikal.
Isit Ozetazuni chanpyona premyè divizyon ap rapousib ak yon seri de rankont pandan week-end nan. D-C United ap akeyi Real Salt Lake, New England Revolution ap fè deplasman lakay F C Dallas. Galaksi ap fè yon kout pye lakay Chikago Fire. Real Salt Lake ap akeyi Kansas City Wizards. Kolorado Rapids pral rankontre ak San Jose Earthquake epi New York Metro Stars ap pare pou l akeyi Kolonbus Crew.
Steve Nichols kap antrene New England Revolution ap nan tèt seleksyon MLS ki pral rankontre ak Real Madrid 23 Out kap vini la a nan Stad Santiago Bernabeu nan vil Madrid. Lis jwè yo ap publiye semen pwochèn nan.