Accessibility links

Breaking News

Minis Finans Izrayèl la Demisyone


Minis Finans izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, demisyone dimanch 7 out la pou li pwoteste kont retrè sòlda ak kolon jwif yo nan Gaza e nan 4 ti vil Sisjòdani. Tousuit apre, Kabinè Sharon nan te vote 17 kont 5, pou premye faz retrè a derape 15 out kap vini an.

Negosyatè an Chèf pou Palestinyen yo, Saeb Erekat, di televizyon CNN retrè sa a ap fèt an deyò mouvman lapè MwayennOryanan, men se yon opòtinite yo pa dwe rate.

Li di yap fè tout efò pou fè Palestinyen yo konprann efò lapè a pral kontinye e ke yap jwenn endepandans ak libète gras ak negosyasyon, san vyolans. Saeb Erekat mande apui kominote entènasyonal la. Li di bout pou bout, plis èd yo jwenn nan men entènasyonal la, plis kooperasyon ak kowòdinasyon yo jwenn nan men Izrayelyen yo, se plis chans y'ap genyen pou yo janbe pas sa a avèk siksè.

Nan menm pwogram nan, Minis lojman Izrayèl la, Isaac Herzog, te deklare, "Si nou ka sèten Gaza pap tounen yon Hamastan (sètadi yon zòn Hamas kontwole), e si li pap tounen yon baz teroris, sa ap fasilite e sekirize nou tout.

Dosye Izrayèl la se youn nan prensipal nouvèl entènasyonal pou dimanch 7 out la. Koute tout repòtaj nou an, gras ak ralonj ki anlè paj la.

XS
SM
MD
LG