Accessibility links

Breaking News

Yon Ansyen Senatè Lavalas Mande Pou Vyolans la Sispann


Ansyen senatè Louis Gérald Gilles, ki gen repitasyon kòm yon fidèl ex-prezidan Jean-Bertrand Aristide, lanse yon apèl bay zèl ame Lavalas la pou li mete ba lèzam e li deklare pati a prale nan eleksyon. Ansyen Senatè konteste a di si vrèman gen yon branch ame nan Fanmi Lavalas, li mande tout moun sa yo pou yo abandone vyolans paske sa pap mennen yo okenn kote. Li ajoute ke ansyen Prezidan Aristide, ki se lidè pati a, ap konprann ke chimen eleksyon an se li ki pi bon kounye a.

Pandansetan, responsab Konsèy Elektoral Pwovizwa a raple ke dat-limit 8 out la toujou valab paske, pou n'repete Max Mathurin, se pa yon jwèt! Li mande tout pati yo pou yo konplete dosye yo anvan delè a bout.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka tande repòtaj Renan Toussaint an.

XS
SM
MD
LG