Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/4/05


Atletisme

Federasyon Atletis ameriken retire pwopozisyon li te fè pou entèdi vitam-eternam tout atlèt ki ta konsome steroyid pandan yon konpetisyon. Desizyon an pran apre delege kap patisipe nan kongrè Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la ap fè nan Helsinki Findland kote chanpyona du mond Atletis la pral dewoule Samdi 6 Out.

Federasyon Atletis ameriken an te vle entèdiksyon avi a nan kad politik zero tolerans ap aplike sou dopaj.Federasyon an eksprime kè sote l yon entèdiksyon avi pap pouse pati konsène yo pou ale nan tribunal epi andomaje kòd Anti dopaj mondyal la. Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la di li pral chache konvenk tout pati konsène yo pou entèdiksyon 4 tran nan tout disiplin an lan 2007.

Yon ogmantasyon 4 tran kapab soulve yon seri de pwoblèm ak anpil lòt federasyon spòtif. FIFA pa ekzanp deja di 2 zan entèdiksyon otomatik la ekzajere nan yon seri de ka. Yon lòt kote federasyon atletis entènasyonal la aprouve yon periòd datant 3 zan pou ranfòse pwosedu pou atlèt ki chanje nasyonalite yo pou reprezante yon lòt peyi. Delege yo adopte atant 3 zan an olye de 6 zan ki te sou tab la--yon règleman ki konfòm ak standa Komite Olenpik Entènasyonal la.

Ansyen règleman yo atlèt yo te kapab reprezante nouvo peyi a apre yo pa reprezante peyi dorijin yo pandan 3 zan. Nouvo règleman yo mande pou atlèt yo rete tann 3 zan apre yo finn pran nasyonalite avan yo reprezante peyi a nan yon konpetisyon entènasyonal--yon lane si 2 peyi yo antann yo. Peyi nan gòlf yo tankou Katar ak Bahren se te 2 prensipal benefisyè ansyen lwa a apre seri de atlèt afriken sutou Kenyan konn chanje nasyonalite yo pou reprezante peyi sa yo ki ofri plis avantaj.

Rankont atletis Afrik / Euròp ki ta pral dewoule nan Tanger o Maròk 17 Septanb kap vini la a ranvwaye pou 2007 dapre prezidan federayon Atletis Afriken an Hamad Kalkaba Malboum. Europeyen yo vle se atlèt ki gen mwen de 23 zan pou patisipe nan konpetisyon an aloske Afriken yo vle se meyè atlèt 2 kontinan yo pou patisipe nan konpetisyon an.

Tennis

Endyen Sania Mirza suprann Rus Nadia Petrova 6-2, 6-1 nan kad tounwa tenis feminen Acura Classic la kap dewoule nan Carlsbad an Kalifòni. Lòt jwè ki surviv tounwa a se Swis Patty Schnyder ki elimine Tchèk Kveta Peschke 6-4, 6-7, 6-1. Franse Nathalie Dechy elimine Arjanten Gisela Dulko 4-6, 7-5, 7-6. Chilyen Nicolas Massu elimine nan touwna tenis kap dewoule isit Washington. Msye tonbe devan Luksanbourjwa Gilles Muller 7-6, 6-4. Muller pral rankontre ak franse Arnaud Clement ki elimine Britanik Richard Bloomfield 6-2, 4-6, 7-6

XS
SM
MD
LG