Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/3/05


NBA

Shaquille O’Neal antann li ak Miami Heat pou l kontinye jwe pou ekip la pandan 5 kan--yon antant ki koute 100 milyon dola. Msye dakò pou lese tonbe 30 milyon dola dènye ane kontra li te gen ak Miami an.Miami mete mern tou sou Antoine Walker avan Boston Celtics-la nan kad boukantaj jwè . Epi veteran Robert Horry, pwolonje kontra l ak San Antonio Spurs pou 3 zan. Spurs rekrute tou yon arjanten Fabricio Oberto ki soti Valans.

Atletisme

Prezidan Kenyan Mwai Kibaki mande atlèt ki pral patisipe nan chanpyona mondyal Atletis la mete peyi a devan enterè pèsonèl yo. 40 atlèt Kenyan chwazi pou yo reprezante eta rich nan Gòlf pou rezon finansye ak bon jan kan dantrenman. Anviwon 15 atlèt Kenyan ap reprezante lòt peyi nan konpetisyon an. Pi gwo Atlèt ki chwazi kouri anba drapo yon lòt peyi se Saif Saaeed Shaheen ki se detantè rekò du mond 3 mil mèt la. Katar ap bay msye 5 mil dola pou la vi etènèl. Shaheen kapab resevwa 250 mil dola ssi l ranpòte yon meday mondyal ou byen yon meday olenpik. Obsèvatè yo rann gouvènman Kibaki responsab defeksyon atlèt yo akoz li pa rekonèt efò yo fè nan konpetisyon entènasyonal.

Delege kap patisipe nan 45 kièm Kongrè Federasyon Atletis Entènasyonal ap fè nan Helsinki an Findland deside pou suspann pou 4 tran olye de 2 zan tout atlèt ki ta teste pozitif pou uzaj anabolizan pandan dewoulman chanpyona du mond Atletism kap kòmanse Samdi 6 Out.

Desizyon sa a resusite yon règleman ki te adopte an 1989 apre eskandal dròg ki te enplike kourè Kanadyen Ben Johnson. Responsab yo te retounen sou desizyon an pou te evite atlèt yo pat ale nan tribunal sivil kont yon desizyon ki ta ba yo yon bwa long kenbe pandan 4 tran. Delege yo deside konsève desizyon fo depar la jan l ye kounye a sa vle di atlèt la ap diskalifye apre yon dezièm fo depa.

Football

Yon ti kout je sou foutbòl sou kontinan ewopean an : Gwo nouvèl la se Zinedine Zidane ak Claude Makelele kap tounen nan seleksyon fransèz la nan okazyon match amikal 17 Out la kont Kot Divwa. Zidane kap jwe nan Real Madrid anonse nouvèl la sou sit entènèt li a kote l presize ke antrenè fransè a Raymond Domenèk vinn kote l 3 fwa nan vil Madrid. Zidane di li retounen sou yon desizyon ke l te pran, yon desizyon ki te kategorik e li vle ede ekip la. Vrèman vre le 12 Out 2004, Zidane te anonse ke li fè jubile l pou ekip de Frans la.

Antrenè Italyen Giovanni Trapattoni pran tèt klub football alman Stuggart. Pawòl kap pale an Espay fè konnen gen posibilite pou David Beckham pwolonje pou 2 zan kontra ak Real Madrid--donk olye pou kontra a fini an lan 2007 e byen lap fini an lan 2009. Chanpyona Bundersliga ap demare Week end sa a. Itali, Espay ak la Grès ap demare nan fen mwa a.

Tennis

Ameriken Andy Roddick kale Ekwatoryen Giovanni Lapenti 6-3, 6-4 nan tounwa tenis Legg Mason nan kap dewoule isit Washington. Tchèk Tomas Zib remonte yon defisi pou l kale Swedwa Jonas Bjorkman 0-6, 6-3, 7-5.. Lòt venkè franse Arnaud Clement, ameriken Bobby Reynolds ak Brian Baker, Ostralyen Nathan Healey epi Luksanbourjwa Gilles Muller.

Nan San Diego Chinwa Shuai Peng suprann Rus Elena Dementieva 7-5, 6-4 nan kad tounw tenis feminen Acura Classic la. Japonè Akiko Morigami elimine Italyen Flavia Pennetta 6-1, 7-5. Ai Sugiyama yon lòt Japonè kalifye apre ameriken Meghann Shaughnessy abandone rankont la.

Findlandè Jarkko Nieminen elimen arjanten Mariano Puerta nan premye tou tounw tenis kap dewoule nan la Polòy gras a 2 kout rakèt 6-4, 7-6. Guillermo Coria yon lòt arjanten toujou nan kous la apre Brezilyen Gustavo Kuerten abandone pandan 2 zièm manch la.

XS
SM
MD
LG